Nan kad ankèt k ap mennen sou lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse la, premye minis Ariel Henry te resi reponn ayè madi 26 desanm 2023 a, divès kesyon jij Walter Wesser Voltaire t ap poze l yo ak tit temwen. Daprè sa Laprimati fè konprann odisyon premye minis la ta sanble te diferan pa rapò ak lòt sa ki fèt deja yo, puiske se majistra a menm ki te deplase ak grefye l pou al tande minis la nan biwo l.
Konsa, premye minis Ariel Henry se premye pèsonalite ki an fonksyon ki pase douvan jij, kèk jou aprè konsèy minis la ak tout gouvènman an te bay akò yo pou li menm ak kèk lòt fonksyonè Leta al reponn kesyon lajistis nan dosye lanmò ansyen chèf Leta a. E nan kad dosye sa tou, se premye pèsonalite jij Walter Wesser Voltaire tande yon lòt kote osnon nan pwòp Biwo l.
Yon lòt kote, selon Radyo Métronome jij la te pwofite jounen ayè a tou pou te tande divès lòt pèsonalite tankou sekretè jeneral palè Nasyonal la, Josué Pierre-Louis, ak minis finans la, Michel Patrick Boisvert. Pou jodi mèkredi 27 desanm nan, majistra ta sipoze kontinye ak pwosesis la pou l ta tande minis planifikasyon ak koperasyon Ekstèn nan, Ricard Pierre, direktè jeneral DINEPA a, Guyto Édouard, direktè jeneral ministè enteryè ak kolektivite teritoryal la, Amos Zéphirin, direktè jeneral ajans nasyonal lè pwoteje yo(ANAP), Jeantel Joseph elatriye.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023