Aprè plizyè tan ap diskite nan peyi Jamayik, se Prezidan Giyàn nan, Mohamed Irfaan Ali revele jodi madi 12 mas 2024 la, premye minis Ariel Henry aksepte remèt demisyon l. Men pou kounya, daprè sa otorite a fenk deklare nan konferans pou laprès Kominote Karayib la(CARICOM), lòt peyi yo ak PM nan mete yo dakò pou chèf gouvènman an demisyone sèlman aprè enstalasyon Konsèy Prezidansyèl la, yon enfòmasyon chèf gouvènman an apèn konfime nan yon adrès pou nasyon an.
Gouvènman m ap dirije a aksepte pou l mete an plas yon konsèy prezidansyèl tranzisyon manm konsèy sa yo pral chwazi aprè yon antant ant diferan sektè lavi nasyonal la. Gouvènman m ap dirije a ap retire kò l imedyatman aprè enstalasyon Konsèy sa e l ap kontinye ekspedye afè kouran yo jouskaske yo deziye yon premye minis e yon gouvènman”, se sa chèf gouvènman an deklare nan adrès li a maten madi 12 mas la.
“Deklarasyon sa vini nan yon moman kote CARICOM aksepte pou mete nan tèt peyi a yon konsèy prezidansyèl ki ap gen 7 manm ladan l. Men kritè yo te bay yo: fòk moun sa yo pa te janm kondane pou krim, li pa te enkilpe nan anyen, li pa pral patisipe nan eleksyon epi li dwe aksepte vini fòs miltinasyonal la“, selon deklarasyon premye minis Babad la, Mia Mottley.
N ap fè konnen plizyè estrikti tankou akò 21 Desanm, Montana, Fanmi Lavalas, RES : Revèy Nasyonal, Angajman pou Devlopman (EDE), Pitit Desalin, Kolektif 30 Janvye, 2 antite sosyete sivil kòm obsèvatè, genyen 2 jou devan yo pou bay non moun ki dwe nan konsèy sila.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024