Aprè midi lendi 11 mas 2024 la, yon konvokasyon an ijans te fèt sou sitiyasyon kriz k ap dewoule an Ayiti a jounen jodi a kote Kominote Karayib la ak Lafrans, Kanada epi Etazini te al kontre nan peyi Jamayik. Pandanstan, rankont sa te pral abouti avèk plizyè desizyon, sitou yon konsèy prezidansyèl avèk 7 manm ladan li.
Pou pèmèt yo tabli konsèy sila, yo di y ap bezwen akonpayman plizyè estrikti tankou akò 21 Desanm, Montana, Fanmi Lavalas, RES : Revèy Nasyonal, Angajman pou Devlopman (EDE), Pitit Desalin, Kolektif 30 Janvye, 2 antite sosyete sivil kòm obsèvatè. Sepandan, estrikti sila yo pral gen pou remèt non moun k ap nan konsèy prezidansyèl la nan anviwon 2 jou.
“CARICOM mete sou tab 4 kritè pou moun nan fè pati konsèy prezidansyèl la, fòk moun sa yo pa te janm kondane pou krim, li pa te enkilpe nan anyen, li pa pral patisipe nan eleksyon epi li dwe aksepte vini fòs miltinasyonal la“, selon deklarasyon premye minis Babad la, Mia Mottley.
Paralèman, peyi Etazini anonse yon èd 133 milyon dola pou rezoud kriz ensekirite a. Kòb sa pral repati konsa ap gen presizeman 100 milyon ki pral jwenn fòs miltinasyonal la epi 33 milyon pral jwenn èd imanitè.
“Nou genyen ijans ak nesesite. Sèl Ayisyen yo ki pral kapab defini demen yo”, selon deklarasyon diplomat Antony Blinken.
Diplis, premye minis kanadyen an, Justin Trudeau, ki te patisipe vityèlman, anonse li menm yo pwopoze 91 milyon dola pou kontribye nan rezoud kriz ayisyen an.
“CARICOM te antann pou ede epi retabli estabilite ak nòmalite, kalifye sitiyasyon an sou plas dezespere“, pou fè konnen prezidan Giyàn nan, Mohamed Irfaan Ali nan kad rankont sila.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024