Alòske yo te fè konprann jouskounya se lajan misyon an ki rete yo, poutan jodi madi 12 mas 2024 la, sekretè jeneral minis zafè etranjè ak dyaspora yo a, Korir Sing’Oei deklare deplwaman polisye kenyan yo sispann pou kounya. Daprè jounalis Ian Wafula, yo kanpe pwosesis yo se akòz anons demisyon premye minis Ariel Henry a, sa ki ta vle di pou yo, pa gen yon administrasyon k ap mennen Ayiti aktyèlman la.
“Depi kounya deplwaman polis kenyan yo an Ayiti sispann, sa fèt tousuit aprè demisyon Premye minis Ariel Henry a. Li fè konnen san yon administrasyon politik an Ayiti, pa gen ankenn baz sou ki ta fè deplwaman an fèt“, se sa jounalis BBCAfrica a revele sou kont X (Twitter) li byen bonè jodi madi a.
Nan menm sans sa, divès medya entènasyonal pami yo The East African, fè konprann ta gen gwo dout sou deplwaman fòs soutyen entènasyonal sa peyi Kenya ta dwe dirije nan peyi a.
“Fason sitiyasyon sekiritè an dejenere a la, li posib pou Nairobi repanse bagay yo. Leta sanble tonbe pi fon e sitiyasyon sekiritè a pi mal pase lè Kenya te pwopoze pou l dirije misyon an”, daprè sa medya a rapòte sou pawòl direktè pwogram pou Afrik la nan gwoup refleksyon entènasyonal Crisis Group la, Murithi Mutiga.
Pandantan sa, si Kenya li menm ap tann pou ONU peye l avan posib deplwaman an ki gen dout sou li toujou, enbyen Reuters li menm soulinye nan règleman ONU an yo egzije pou lajan ki dwe bay la sèlman la pou remèt lajan k te envesti deja. Sa ki vle ta vle di, Kenya toutkou dwe jwenn yon lòt peyi ki pou prete lajan misyon an aprè, ONU li menm aprèsa ap remèt kòb sa.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024