Parapò avèk sitiyasyon ensekirite k ap ravaje teren an depi plis pase yon lane nan depatman Latibonit lan, Prezidan Asosyasyon antreprenè nan Senmak la, Garry Hugues Dalencourt, te pale de enpak ensekirite nan emisyon Panel Magik sou Magik 9 jounen jodi mèkredi 4 Janvye 2023 a.
Selon antreprenè, Garry Hugues Dalencourt « Sitiyasyon ensekirite gen yon Enpak trè negatif nan biznis sou depatman an, nou paka di n adapte, byen okontrè se yon bagay ki dwe konbat, nou jis ap analize epi gade sa ki ka fèt pou n sòti nan sa.»
Fenomenn ensekirite a afekte tout sektè anndan peyi a, sitou sila k ap evolye nan chenn otèl yo « Lè n pran kot dèzakaden ki genyen Otèl ladan l “Moulin sur mer, Decameron…” Moun yo se mouri yo mouri, tout moun ki nan anviwon Akayè, Monri nan sitiyasyon difisil», selon Hugues Dalencourt.
Yon reyalite ki pa diferan nan lòt vil nan peyi a, tankou Senmak, Gonayiv, Ti rivyè, kote nan peryòd fèt la, se yon kote fèt chanpèt vin paka pwofitab ni pou sila yo k ap evolye nan sektè Otèl ni pou sila yo ki nan gaz ni sila yo ki nan makèt.
Antreprenè Garry Hugues Dalencourt, fè konnen :« Nou tout nan peyi a ki deside rete, di dyab bonjou l ap manje w, men pa di l bonjou, l ap manje w. Mwen soutni kominote entènasyonal aji pi vit, puiske gen anpil dilatwa k ap fèt la».
Aprè plizyè sanksyon peyi Kanada ak Etazini pran kont ansyen otorite piblik nan peyi a, akoz yo patisipe nan soutni gang epi itilize Trafik enfliyans yo, selon antreprenè Garry Hugues Dalencourt «fòk entènasyonal la ta vin avèk yon plan sekirite ak envestisman nan peyi a si tout fwa yo ta deside vini, paske se pwoblèm ekonomik ki fè yon franj nan popilasyon an lage nan zak banditis oubyen li vin tabli yon plan Machal nan peyi a.»
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023