Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Politique

Antonio Gutteres mande pou aktè ayisyen yo remete enstitisyon demokratik nan peyi a

Mag Haiti by Mag Haiti
December 8, 2023
in Politique
0
Antonio Gutteres mande pou aktè ayisyen yo remete enstitisyon demokratik nan peyi a

Nan yon nòt li fè sòti jodi vandredi 8 desanm 2023 a, sekretè jeneral Òganizasyon Nasyonzini (ONU) an, Antonio Gutteres, mande pou aktè ayisyen yo mete tèt ansanm pou jwenn yon solisyon politik k ap dire e ki pou retabli enstitisyon demokratik yo nan peyi a. Diplomat la kwè, akò sa l ap mande a kapab tabli yon leta kote yo respekte dwa moun, epi garanti yon sekirite k ap dire bon tan.

“Sekretè jeneral la peze sou enpòtans jwenn yon akò ap genyen sou mete kanpe enstitisyon demokratik yo, sa ki ta dwe vize bon jan eleksyon, yon fason pou n jwenn yon leta kote dwa ap respekte epi yon sekirite k ap la pou lontan. Li mande pou tout aktè politik ak lòt pati an Ayiti yo pou rasanble yo pou jwenn yon konsansis”, daprè sa ki di nòt la.

Pi lwen nan kominike sa ki pote siyati pòt Pawòl sekretè jeneral ONU an, Stéphane Dujarric, diplomat pòtigè a fè konnen li gen gwo enkyetid puiske dyalòg ant aktè ayisyen yo poko janm ka bay bon rezilta, malgre kominote CARICOM nan ak BINUH ap fè kou yo konnen pou sa. Se konsa tou, li deklare l ap tann ak anpil enterè preparasyon misyon etranjè a fini yon fason pou ta vinn opere prese prese nan peyi Dayiti.

Pandantan sa, kòdonatris imanitè ONU an, Ulrika Richardson li menm fè konprann jouskounya malgre tout chache yo chache nan nivo entènasyonal la, se sèlman 33% yo jwenn nan 720 milyon dola vèt yo ap chache ede Ayiti a. Konsa nan deklarasyon li fè jodi vandredi 8 desanm nan, li presize se 5.2 milyon ayisyen pami yo 3 milyon timoun ki bezwen èd, kote gen 4.35 milyon ladan yo k ap soufri akòz ensekirite alimantè dènye nivo a.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023

Comments

commentaires

Nombre de vues: 553
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Otorite ameriken yo arete yon lòt fwa ankò rapè Kodak Black pou dwòg

Next Post

Depatman trezò ameriken sanksyone 4 prezime chèf gang ayisyen jodi vandredi a

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Depatman trezò ameriken sanksyone 4 prezime chèf gang ayisyen jodi vandredi a

Depatman trezò ameriken sanksyone 4 prezime chèf gang ayisyen jodi vandredi a

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,896)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (40,009)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,184)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,924)

Nouveaux Articles

  • Saison cyclonique 2025 : la Protection civile en tournée stratégique dans le Grand Sud
  • Anketè ULCC yo jwenn plis pase yon milyon goud sere nan Ministè lajenès Espò ak Aksyon Sivik
  • L’Union Européenne sanctionne trois nouveaux chefs de gangs haïtiens

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?