Jounen lendi 15 avril 2024 la, plizyè reprezantan nan divès sektè voye jete tout tantativ sektè San José de la Mina ap fè kont ayisyen pou yo kite peyi a, presizeman nan vil Santiago. Abitan sila yo vle kouri dèyè ayisyen ki pa legal yo nan fè vyolans sou yo, selon jounal Listin Diario.
Pandan tan sa a, Monsenyè Carlos Tomás Morel Diplan mande abitan sa yo : «fòk nou pridan, menm trè pridan akoz reyalite peyi a.», oksilyè achidyosèz la kontinye pou li di : «Tout ayisyen k ap viv nan peyi a pa kriminèl. Kidonk, lajistis dwe aji kont sa yo ki fè zak ilegal yo. Yo pa ka ap peye inikman pou peche yo paske yo se ayisyen, puiske gen ladan yo ki konsakre tèt yo ak travay yo, gen ladan yo ki fèt isit la, fanmi yo ap viv la a Megaloman, yo pa fè okenn mal ak moun».
Sou lòtbò, Juan Carlos Ortiz, ki se yon antreprenè, fè kwè modèl vyolans ayisyen yo ap sibi sou baz ilegal yo pa bon. Li dakò dwe gen sekirite nan Santiago, men sa a se konpòtman ak responsabilite chak moun. Li pa nòmal pou yon kominote ap fè tèt li jistis li menm.
«Se direksyon Jeneral Migrasyon ki gen pouvwa sa a, se pa moun yo.», Juan Carlos Ortiz kontinye pou li di: « Otorite yo dwe evite sitiyasyon sa yo olye l pote solisyon se konfli l ap kreye. Mwen vrèman pa dakò avèk desizyon abitan nan katye San José de la Mina ap pran pou yo kouri dèyè ayisyen ki san papye yo», se sa a jounal Listin Diario rapòte.
N ap raple n Amnesty International te ekri gouvènman dominiken an, nan dat 2 avril ki sot pase a, pou li kanpe sou vyolasyon dwa ayisyen yo. Yo te presize gen paran ayisyen ak divès nwa k ap sibi zak rasis nan peyi a kòm migran.
Credit Photo: Internationalist Group
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024