Nan yon nòt byen louvri Anbasad Ameriken an sòti nan dat 10 jen 2022, li pwofite raple n deklarasyon prezidan Ameriken Joe Biden te fè nan kad 9èm Somè Amerik la sou koze imigrasyon an.
Deklarasyon sa vle montre divès mezi ki pral gen pou pran sou koze imigrasyon ant gouvènman ameriken ak lòt patnè li yo, yon fason pou yo kapab jere koze sa pi byen.
Nan sans sa, peyi Etazini pral gen pou li ofri 11500 viza travayè H-2B pou sila ki nan Amerik Santral ak Ayiti, relokalize yon pi laj kantite refijye Ayisyen, rederapaj pwogram regwoupman fanmi Ayisyen yo.
“Pou n fè fas ak kriz miragratwa a, san nou p ap chita sou pase rejyon an, nou dwe panse sou vizyon finansman miltilateral pou devlopman ak divès modalite jesyon ak presyon ekonomik nou yo”, se sa gouvènman ameriken an anonse.
Deklarasyon sa vize ak mobilize tout rejyon an atravè tout aksyon entèlijan ki pral transfòme apwòch jesyon imigrasyon yo nan Amerik la. Selon Anbasad Ameriken, li pral anchennen apati 4 pilye sa yo, tankou estabilite ak asistans kominote yo, elaji plizyè vwa legal yo, jere moun imigran yo epi kwòdone entèvansyon An ijans.
Nan echèl mondyal, enstitisyon finansye entènasyonal yo ak èd ak devlopman ap gen pou fokalize sou peyi ki pòv yo ak yon nivo revni fèb, sitou peyi amerik latin ak karayib yo.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2022