Nan bilan anyèl yo fè sòti nan mwa septanm sa a, Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon yo (OIM) fè konnen gen 686 migran pami yo anpil ayisyen ki mouri oswa disparèt nan travèse fwontyè amerikano-meksiken an pandan ane 2022 a. Poutan yo di, yo anrejistre antou 1 457 viktim pou tout kontinan Amerik la.
Nan kad pwojè “migran ki disparèt yo“, OIM mete sou pye depi lane 2014, pou bilan ane 2022 a, responsab yo rive anrejistre 1 457 viktim pou tout Amerik la, alòske yo jwenn gen 686 nan moun sa yo ki te viktim sou fwontyè amerikano-meksiken an. Selon sa yo di, ta gen plis moun ki mouri osnon disparèt paske chif sa yo manke.
Selon detay yo, pou wout migran yo itilize nan karayib la yo jwenn chif yo ogmante kote gen 350 moun ki mouri pou ane 2022 a, alòske li te 245 moun an 2021 epi pi piti pase 170 pandan ane avan yo. Chif moun ki sòti Repiblik Dominikèn, Ayiti, Kiba reprezante pi gwo chif moun ki mouri nan Karayib la, toujou daprè detay yo.
Pi lwen yo fè konnen, gen 307 moun ki mouri sou fwontyè amerikano-meksiken se nan zòn dezè Sonora yo viktim, pandan gen 212 ki mouri nan dezè Sahara a, epi 141 lòt nan rejyon Daryen an.
Pou kounya, enstans konsène a pa bay okenn detay sou bilan ane 2023 a, men konfye enkyetid yo paske daprè yo gen plis pase 300 000 moun ki te pran wout Daryen an pou ane sa a, pandan yo menm yo pa gen twò gwo enfòmasyon sou sila yo ki disparèt yo nan Amerik la, daprè sa direktè rejyonal pou amerik sid la, Marcelo Pisani deklare.
Crédit Photo: L’humanité
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023