• Acceuil
  • Log
  • Login
Upgrade
Mag Haiti
Advertisement
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • T-check
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • T-check
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

389 moun kidnape an Ayiti soti janvye pou rive mas selon CARDH

La rédaction by La rédaction
5 April 2023
in Société
0
389 moun kidnape an Ayiti soti janvye pou rive mas selon CARDH

Nan yon bilten Sant Analiz ak Rechèch epi Dwa moun (CARDH) sòti jounen jodi madi 4 avril 2023 a, li fè konnen gen 389 moun ki kidnape nan entèval janvye pou rive mas nan peyi Dayiti. Sa ki montre fenomèn ensekirite a ap vale teren.

Selon Òganizasyon Dwa moun sa nan peyi an gen yon ogmantasyon kidnapin konparativman ak 2 lane ki sot pase yo la, sitou 2021 ak 2022 a. Pou 3 premye mwa nan lane 2022, te gen 225 moun ki kidnape alòske te gen 142 moun ki te kidnape nan lane 2021 nan 3 premye mwa. Sa ki reprezante yon ogmantasyon 173% pa rapò ak 2021 epi 72% parapò ak 2022.

Sant Analiz ak Rechèch Dwa Moun (CARDH) raple «Gen 29 etranje nan 3 peyi diferan ki kidnape nan 3 premye mwa 2023 a, kontrèman ak 40 pou 2022, kidonk gen yon diminisyon 27%» selon sa ki ekri nan bilten CARDH.

Sant Analiz ak Rechèch Dwa moun lan vle soulinye etid sa penmèt nou wè endikatè ak obsève tandans zak kidnapin nan peyi an, tankou monte ak bese li.

«Nou paka di chif sa se egzakteman tout moun yo kidnape nan peyi an, puiske sitiyasyon y ap vin pi difisil, parapò avèk plizyè koulwa moun ka kidnape moun. Kidonk, chif yo ka ogmante pi plis nan pwochen bilten oubyen bilan anyèl la» ekri òganizasyon dwa moun lan (CARDH).

Sant Analiz ak Rechèch Dwa Moun (CARDH) vini avèk divès rezon ki eksplike sa ki kapab lakoz zak ogmantasyon kidnapin nan peyi an, tankou sila yo ki pèdi lajan yo akoz sanksyon lòtbò dlo, kontèks elektoral. Sa ki fè gen nouvèl zak ki vin kreye, presizeman Bèlè Alye Gran Ravin epi Vilaj Dedye alye Ti makak ak Vitelhomme Innocent.

«Si nou konte wòl move lajan genyen nan eleksyon an Ayiti, monte kidnapin nan kapab etidye apati pwochen eleksyon ki pral vini nan peyi an, anplis kanpay ki kòmanse a. Nou ka gade nan fason entèresan apati sila yo ki trè enfliyan kòm pèsonalite yo sanksyone poutèt y ap finanse banditis an Ayiti, anplis gen yon pati nan aktivite yo sanksyone» selon sa CARDH rapòte kòm eksplikasyon sou dosye sa.

Sou lòtbò a, popilasyon an kòmanse ak òganize pou defann li, selon sa Sant Analiz ak Rechèch Dwa Moun (CARDH) di li konstate fas avèk enkapasite polis la pou pwoteje vi ak byen epi koperasyon entènasyonal nan dividal pwomès y ap fè san rete. Kidonk, popilasyon an kòmanse pwoteje li kont zak kriminèl nan peyi an «Plizyè bandi kòmanse mouri parapò ak reyaksyon sitwayen yo nan lokalite yo» toujou nan bilten CARDH.

Parapò ak gravite sitiyasyon ensekirite nan peyi an, Sant Analiz ak Rechèch Dwa Moun (CARDH) rekòmande kominote entènasyonal la pou li sòti nan chapit dividal pwomès ak reyinyon li yo epi voye misyon an Ayiti a. Anplis, gouvènman an dwe pran responsabilite li yo nan pote bon chanjman nan administrasyon piblik, sitou nan tèt Lapolis la. «Popilasyon an dwe mobilize nan fason responsab pou chèche sekirite anndan peyi an» selon sa òganizasyon dwa moun nan fè konnen nan bilten an.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023

 

Comments

commentaires

Nombre de vues: 295
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

María Isabel Salvador prend officiellement fonction à la tête du BINUH

Next Post

Pascal Desaille: une vie faite d’art et de peinture

La rédaction

La rédaction

Next Post
Pascal Desaille: une vie faite d’art et de peinture

Pascal Desaille: une vie faite d'art et de peinture

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (67,463)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (36,242)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (28,457)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (27,164)

Nouveaux Articles

  • 5 prizonye mouri nan prizon sivil Tigwav la akòz grangou epi lòt move kondisyon
  • TBT-“Mizik sove vi m, Pt 2”: il y a trois ans, Tafa Mi-Soleil sortait son premier projet solo
  • Chak jwè ki pral patisipe nan Mondyal feminen an ap jwenn minimòm 30 mil dola

RSS Fact Checker

  • Ariel Henry a-t-il vraiment été humilié par le Président chilien?
  • Désintox: non, l’ex sénateur Jhon Joël Joseph n’a pas été arrêté aux Bahamas
  • Non, le canada et le Québec ne recrute pas d’infirmiers et d’infirmière actuellement en Haïti
  • Les manipulations autour de l’éventuelle installation de Joseph Lambert

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • T-check
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Welcome Back!

Login to your account below

Forgotten Password?

Retrieve your password

Please enter your username or email address to reset your password.

Log In
Subject:
Message:
Ajax loader
Skip to toolbar
  • About WordPress
    • WordPress.org
    • Documentation
    • Support
    • Feedback
  • Log In