3 polisye ki sòti nan inite anti gang jwenn lanmò yo jounen dimanch 9 jen 2024 la nan yon anbiskad nan nivo Dèlma 18.
Fermetus Emelin, Piton Wilkens Jean Junior, Clovis Peterson se non 3 ajan sa yo bandi ak zam touye nan zòn San fil.
Selon, Lionel Lazarre, pòt pawòl Sendika polis nasyonal ayisyen an (Synapoha ), machin blennde polisyè yo te ladan l lan pase anba flanm dife.
Asasinay 3 polisye sa yo jodi dimanch lan ajoute nan lis kantite polisye ki deja pèdi lavi yo anndan peyi an.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024