2 lòt tranbleman tè 6.4, ak 5.8 pase nan peyi Latiki jodi lendi 20 fevriye a, presizeman nan provens Hatay. Daprè minis enteryè tik lan, Suleyman Soylu jounal Le Monde site, ta gen pou pi piti 3 moun mouri ak 213 lòt ki rive blese.
2 nouvo tranbleman tè sa yo rive pase youn aprè lòt, premye a te pase nan nivo 6.4, lòt la te pase 5.8 sou lechèl Richter a, selon sa ajans ki jere katastròf nan peyi Tiki a, AFAD fè konnen sou twitè.
Nan yon premye tan bilan premye minis Tik la, Fuat Oktay te bay la te fè kwè gen 8 moun ki te sòti blese. Men kèk tan aprè, minis enteryè a, Suleyman Soylu te deklare gen plis moun ki te rive blese epi menm gen sila yo ki rive pèdi lavi yo.
Toujou nan menm kad dosye sila, otorite nan provens Hatay yo fè konnen, gen moun ki anba dekonm nan moman an. Moun sa yo, se sila yo ki te fenk al rete nan kay sa yo, daprè sa RFI rapòte.
Pou kounya, okenn lòt detay pa disponib pou ta konn konbyen moun ki viktim nan 2 evenman sa yo ki sot pase yo. N ap raple sa pa gen lontan depi peyi Tiki ak Siri te sibi yon gro tranbleman nan fòs 7.8 ki jouska jodi a lakòz plis pase 44 000 moun mouri, selon dènye chif otorite konsène yo te bay.
Photo: Franceinfo
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023
Discussion about this post