Ayè 20 fevriye 2023 a, yon jèn gason mouri yon ti tan aprè gwoup Rockfam te mete bout ak dezyèm jounen kanaval Pòtoprens lan. Ensidan sa te rive pandan viktim nan te sou plas Atis yo, selon plizyè medya lokal.
Daprè plizyè sous viktim lan ki ta gen pou non Samuel t ap pase swaf li sou plas atis yo ki pa twò lwen pakou kanaval la ak komisarya pòtoprens lan avan li te resevwa bal nan men endividi moun pa rive idantifye.
Malgre prezans polisye yo ki te sou chanmas lan pandan dezyèm jounen kanaval la, sa pa te anpeche ensidan sa rive touprè a. Yon dram ki fèt nan moman jis aprè kloti dezyèm jounen kanaval la ki te atire yon gwo foul konpare ak premye jounen an sitou avèk patisipasyon plizyè gwoup mizikal ak atis ki te sòti sou pakou a tankou Rèv, Buzz, Izolan, Rockfam.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023