Jounen jodi lendi 3 avril 2023 a fè egzakteman 23 lane depi nèg ak zam te asasine jounalis ak pwopriyetè « Radio Haïti Inter» Jean Dominique alyas Jando, ansanm ak gadyen lakou li Jean Claude Louissaint nan lokal radyo a nan epòk sa. Jiskaprezan lajistis poko janm ka idantifye vrè koupab nan zak asasinay 2 moun sa yo.
Nan batay pou fè respekte libète ekspresyon, agwonòm ak jounalis senyò Jean Dominique se te veritab senbòl ak vwa sila yo k ap egzèse metye a. Anplis, batay li te konn mennen kont tout enpinite ak koripsyon pandan egzistans li.
23 lane depi lè yo te fin krible l ak kout bal pèsonn jij poko ka rive fè limyè nan sistèm jidisyè Ayisyen an sou dosye sa, malgre tout denonsyasyon sitwayen yo, lidè politik epi jounalis yo fè sou li. Yon dosye ki bloke nan kou kasasyon jiskaprezan menm aprè ansyen senatè Lavalas la Mirlande Libérus, ta pral idantifye kòm youn nan prezime koupab zak sila akoz li t ap chèche fèmen bouch Jando poutèt li t ap denonse zak koripsyon nan pati Lavalas la.
Jij Yvickel Dabrésil se te dènyè jij ki ta pral mennen ankèt sou asasina ansyen jounalis senyò Jean Dominique nan kou Apèl nan Pòtoprens. Aprè 10 lane, jij la ta pral remèt rapò sou dosye sa.
Kèk mwa aprè krim sa, Philippe Mackington ta pral prezante nan tribinal kòm temwen zak sila, men ki ta pral arete kòm sispèk tou. Men an 2004, li te rive sove nan prizon aprè kou Deta ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide. Anplis, li te vin rive pran azil nan peyi Ajantin kote li t ap viv pandan 10 an. Alòske an 2014, jij Dabrezil te mande pou yo depòte li pou kontinye vin bwè prizon nan kad dosye asasina «Jando».
Jounen jodi lendi an, yon lòt fwa ankò fanmi viktim lan ak pwòch epi kòporasyon medya pral gen pou komemore 3 avril ki make dat asasina nèg ak zam te fè sou Jean Dominique ak Jean Claude Louissaint anndan ansyen lokal «Radio Haïti Inter» sou Dèlma a.
N ap raple gen plis pase yon 20èn moun ki tande deja nan kad dosye Asasina ansyen Jounalis Jean Dominique, patikilyèman ansyen prezidan René Garcia Preval ak Jean Bertrand Aristide. Poutan, poko gen laverite ki tabli sou li.
«Nou p ap kapab touye verite, nou p ap kapab touye li, se poutèt sa n ap batay» deklarasyon ansyen jounalis Jean Dominique, Radio Haïti Inter.
Jean Dominique te pran egzil sou rejim diktati Jean Claude Duvalier a ak moman Lame Dayiti te ranvèse Jean Bertrand Aristide. Men malgre sa li te toujou retounen nan Peyi l. An 2000, Jean Dominique pral mouri sou rejim demokrasi li t ap batay ki pou enstale nan respè libète ekspresyon Moun.
Nan okazyon 23 lane lanmò jounalis la, asoyasyon “SOS Jounalis” mande Leta pou pran responsabilite l nan dosye sa. Sekretè jeneral asosyasyon an ki se Guyler Delva te fè konnen malgre dosye a genyen 9 lane nan Lakou Kasasyon anyen pa janm fèt paske enstans sa t ap fè fas ak pwòp pwoblèm li. Nan sans sa li mande otorite yo “mete fen ak deni jistis sa“.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023