Nèg ak zam ouvri kout bal sou plizyè moun nan komin Kafou jounen jodi madi 30 me 2023 a, sa ki lakoz lanmò omwen 2 moun avèk plizyè lòt blese selon plizyè medya anliy.
Polisye ki gen non «Ti BIM» nan ta sanble fè pati moun ki tonbe anba bal bandi yo. Enfòmasyon yo fè konnen polisye ki rele «Ti BIM» nan te detache avèk komisè polis nan komin Kafou an.
Sou plizyè videyo k ap sikile sou entènèt la nou wè endividi sa yo ak gwo manch long nan men yo nan komin Kafou. Malgre Lapolis t ap eseye tire avèk nèg sa yo pou anpeche yo ale aprè yo fin komèt zak sa, men sa pa te anpeche yo gentan chape poul yo.
Nan moman n ap ekri an, plizyè lòt viktim gentan ap pran swen nan Lopital ki twouve l nan komin Kafou an, aprè nèg ak zam te fin vide bal sou yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023