Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Yon temwen ap rakonte kalvè moun Ti rivyè Latibonit ap pase anba men bandi

Mag Haiti by Mag Haiti
October 29, 2022
in Société
0
Yon temwen ap rakonte kalvè moun Ti rivyè Latibonit ap pase anba men bandi

Gen plis pase 6 jou depi popilasyon nan Ti rivyè ak Ansyen otorite nan depatman an pa sispann rele osekou pou divès zak banditis k ap poze nan plizyè lokalite nan Latibonit, presizeman nan palmis, Savyen, Anba Bouk, Lika, Ti rivyè, elatriye. Kote gwoup gang Jean Denis, Ti Klèno, Nikson, Jonas, elatriye ap twoke konn yo. Sa ki lakoz gen anpil kay ki piye, kay ki boule epi menm fanm ak tifi pa epanye nan zak sa yo.

«Anplis, bandi yo vòlè anpil moto Al boule machin epi antre nan mache bouk la.» selon temwanyaj Kerline Céus.

Konfli gè gang nan Latibonit lan kòmanse depi lè chèf gang Arnel Joseph te mete pye li nan zòn nan an 2019, kote anpil nan nèg Savyen yo tou sèvi li sòlda. Sa ki te lakoz yo te tire sou komisarya ak piye biznis Moun nan zòn yo. Kèk tan aprè gwoup gang Jean Denis ak Kanal Divan te pral kanpe anfas li pou reziste kont zak banditis nan bouk la.

«Odma te vin fè kowalisyon ak Arnel Joseph pou dirije Savyen, aprè lanmò nèg sa yo. Yon bandi ki rele Ti Klèno te vin deside pa aksepte lapè ki te tanmen nan mitan Palmis ak Savyen epi Ti rivyè, epi deside rete nan blòk li», toujou selon temwen an.

Nan rantre vil la ki se Lika ak nan bouk, se kote ki plis viktim ak andanje parapò ak zak bandi nan lòt zòn yo, malgre popilasyon nan bouk te reziste nan mete barikad ak anbiskad pou anpeche yo antre nan lokalite yo, san ranfò lapolis puiske se omwen 4 grenn polisye ki pou sekirite lokalite yo.

« Nou paka bay bilan egzat, sofke gen anpil kay ki piye nan bouk, lokalite Estenyo Vensan, Lamatinyè, anba sous epi anba tèren. Anplis, gen anpil moun ki kouri kite kay yo pou evite viktim.» pawòl Kerline Céus.

«Men m ka di pami 15 kay ki boule, gen youn ki boule ak 2 granmoun ladan li nan ri kapwa ak Louvèti», selon temwen an.

«Pou m ajoute gen 3 sivil ki mouri, youn ladan yo se yon chofè taksi ki rele Ti Sina nan bouk la, kote ki gen anpil kay ki piye» selon temwanyaj Kerline Céus.

Konfli ki gen nan zòn Latibonit lan, kote gwoup gang ap afwonte yo ansanm. Plizyè ansyen senatè tankou Carl Murat Cantave ak Youry Latortue te oblije fè yon twit pou mande sekou pou moun nan Latibonit.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022

Comments

commentaires

Nombre de vues: 1,066
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Les États-Unis veulent convaincre le Canada de diriger l’intervention étrangère en Haïti

Next Post

L’artiste haïtien Manno Beats nominé dans deux catégories aux African Talent Awards 2022

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
L’artiste haïtien Manno Beats nominé dans deux catégories aux African Talent Awards 2022

L'artiste haïtien Manno Beats nominé dans deux catégories aux African Talent Awards 2022

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,425)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,911)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,015)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,811)

Nouveaux Articles

  • Un pylône endommagé à Péligre plonge Port-au-Prince dans le black-out
  • « Inisyativ 24 avril 2025 » deklare aprè 7 fevriye se nan kou kasasyon nouvo dirijan peyi a ap sòti
  • Dosye Jovenel Moïse : Lakou dapèl envite Martine Moïse ak plizyè lòt pèsonalite pou tande yo

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?