Nan yon operasyon lapolis mennen ayè dimanch 12 fevriye a, responsab yo anonse gen 4 prezime bandi ki mouri. Pami viktim yo, genyen yon swadizan “chèf gang Izo” ki ta li menm tou jwenn lanmò l nan fas kare ak ajan yo.
Nan kad operasyon sila ki ta retire lavi 4 prezime bandi sa yo, enstitisyon an anonse yo sezi yon fizi M4, yon 9 mm ak yon machin (leksis) koulè nwa.
Nan menm sans sa, non responsab polisyè
yo rive site a provoke gwo konfizyon akòz pa gen twòp presizyon ni detay ki bay sou sa.
“4 prezime bandi te blese mòtèlman, pami yo chef gang Izo jan yo konnen l”, se sa kòdinasyon Près ak Relasyon Piblik(CPRP) Polis Nasyonal la fè konnen.
N ap raple objektif “operasyon tònad 1″ yo se kraze tout baz gang tou pa tou nan peyi a. Nan sans sa, gen plizyè chanjman ki deja fèt nan tèt polis la pou rive jwenn bon jan rezilta.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023