Aprè plizyè semèn depi gwoup gang bèlè ak Solino yo te anonse yo te fè lapè, jodi jedi 17 dawout la, gè a retounen yon lòt fwa ankò. Enfòmasyon yo fè kwè gen plizyè moun ki ta blese pa bal pami yo yon polisye, selon konfimasyon Kòdonatè SYNAPOHA, Lionel Lazarre.
Menm jan moun nan Kafoufèy ap kouri kite kay yo depi dimanch pase, jodi jedi a aprè moun Bon Repo, Lilavwa se tou pa moun Solino ak moun Bèlè k ap kouri dèske prezime bandi anvayi yo nan zòn nan. Pakèt sou tèt, malèt nan men se konsa moun yo ap tante sove lavi yo daprè kèk imaj k ap sikile sou rezo sosyo yo.
Aprè moun ki ta viktim anba bal, plizyè abitan zòn nan fè kwè gen anpil kay ki gentan pase anba flanm dife e ta menm gen moun nan kay sa yo, toujou selon deklarasyon moun yo.
Pou kounya, moun toupatou pa sispann lanse SOS pandan yo fè kwè tout zòn nan peyi a pap ka tounen teritwa pèdi jan minis jistis la Emmelie Prophète te deklare l la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023