Joselita Marcelin se non yon jenn fi ki pèdi lavi li nan jounen madi 30 Dawout 2022 a. Jenn fi 24 lane sa a tonbe anba kout bal yon polisye nan vil Okap nan antre ès zonn aryopò a.
Daprè anpil temwen se yon polisye ki louvri bal sou Joselita. Dram sa pase aprè gwo jounen manifestasyon ki te genyen nan 2yèm vil peyi a ki te gen nan tèt li lidè Platfòm Pitit Desalin lan, Moïse Jean Charles.
Manifestasyon yo pa te kanpe nan vil pwovens yo, patikilyèman nan vil okap, ki pa te chome ayè madi 30 dawout la. Plizyè milye moun te foule beton an pou kontinye denonse lavi chè, ensekirite, mande ale premye minis Ariel Henry an epi yo te denonse tou bank yo k ap plede monte dola a.
Lapolis deja lanse ankèt pou konnen ak klè nan ki sikonstans Joselita Marcelin
Pèdi lavi li. N ap raple jenn fi 24 lane a pa mouri nan kad manifestasyon ki te gen nan vil Okap la.