Ayè madi 30 dawout 2022 a, make premye anivèsè Akò Montana a. Nan okazyon anivèsè akò sa, sila ki responsab yo te pwofite òganize yon konferans pou laprès nan otèl Montana nan objektif pou kontinye kontrekare pouvwa anplas la ki gen nan tèt li premye minis Ariel Henry.
Daprè Magalie Comeau Denis priyorite Akò Montana a se pou retabli 3 pouvwa leta yo menm jan konstitisyon 1987 la di li a. Nan bò pa premye minis Ariel Henry a, sanble li pa gen menm avi ak sinyatè akò a.
Nan dènye apèl telefonik ki te fèt ant premye minis lan ak siyatè yo pou te penmèt yo tonbe dakò pou chita sou pwen yon pouvwa avèk 2 tèt, chèf gouvènman an te reponn a klè li pa gen ni manda ni otorite ni otorizasyon pou li diskite sou pwen sa a.
Daprè youn nan siyatè Òganizasyon Pèp k ap lite (OPL), Akò Montana a prèske koule pou 2 rezon, yon bò ak pouvwa defakto Ariel Henry an ki kanpe an kwa, yon lòt bò anndan menm akò a gen pwòp entèrè k ap trase ki penmèt li pa rive bay bon jan rezilta.
Pou Òganizasyon Debloke Ayiti, akò sa te vle di ayisyen ka met tèt yo ansanm pou yo ka reyalize kèk bagay, pou li Akò Montana a se yon akò ki echwe depi lè yo te pran dezisyon fè eleksyon pou gouvènman pwovizwa a ki t ap ranplase pouvwa anplas la.
Daprè dirijan Òganizasyon Debloke Ayiti a, sinyatè akò montana yo ta dwe mache kontre ak lòt gwoup pou rive afebli pouvwa premye minis lan. Pou peyi a sòti nan sitiyasyon li ye a, Konsèy Nasyonal Sosyete Sivil Ayisyèn (CNSCA) lan te tou pwofite preche konsansis ki dwe genyen pou tabli ekilib politik k ap mennen chimen eleksyon nan peyi a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022
Discussion about this post