Aprè Tafa ki kite labèl Evazyon Mizik nan lane 2022, ak atis Ken FS ki te pran menm desizyon an 2 desanm ki sot pase la, kounya se yon jèn atis ki rele Winnie ki deside kanpe kolaborasyon l ak Labèl Evazyon Mizik.
Nan yon kominike ki pote siyati Roudeline Labbe epi ki soti jodi 25 desanm 2023, nou aprann jèn atis la soti anba labèl la yon fason pou li ka franchi yon lòt etap nan karyè li. “Se nan lide pou atis la chache lòt opòtinite pou li grandi epi eksplore tèt li”, nan sa ki ekri.
Jèn atis la pwomèt fanatik li yo ap jwenn mizik ak lòt pwojè ki ap fèt nan yon lòt fasèt. N ap presize malgre plizyè kolaboratè deside kite labèl sa, responsab yo pa fè deklarasyon ofisyèl pou ta eksplike rezon ki fè jèn sa yo deside kanpe kolaborasyon ak labèl Evazyon Mizik.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023