Responsab yo nan Administrasyon Jeneral Ladwann (AGD) nan Okap anonse jodi samedi 23 desanm 2023 a, yo rive sezi yon total 192 bal pou divès zam. Mete sou sa yo fè konnen tou yo jwenn zam, plizyè chajè ak plizyè lòt ekipman ankò.
“92 bal 9mm, 9 katouch 45, 78 lòt se 5.56, 2 chajè vid 5.56(kapasite 45 epi 30), 2 chajè 9mm vid ekstra kapasite 25, youn 9mm kapasite 16, yon lòt 9mm kapasite 18, epi youn 45mm kapasite 9″, selon detay otorite yo bay.
Yo kontinye pou yo di tou, yo sezi yon zam 45ACP ki gen mak Hi Point-fire arms, modèl JHP, yo soulinye pou di nimewo seri zam sa efase. Nan menm operasyon sa yo jwenn kwòs ak yon koulas e PA-15 plizyè kal, 4 etui zam, yon etui minòt, yon kas balistik, 3 jilè ak bal epi 2 plak ranfòsman.
Pou kounya, responsab yo poko bay pyès detay sou kiyes ki t ap sikile ak kalte ekipman sa yo.
Crédit Photo: Le Filet Info
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023