Yon gwoup endividi ak zam ta rive louvri pòtay fwontyè Wanament la jodi madi 28 novanm 2023 a. Selon Ti Zo le Specimen, aksyon sila pase aprè menm moun sa yo te debake depi granm maten sou fwontyè a kote te gen gwo echanj kout bal ak polisye ki te sou plas yo.
“Pòtay la louvri pa fòs, dominiken tou fèmen pa yo”, se sa jounalis la rapòte kèk minit aprè l te anonse gen anpil katouch ki t ap tire ak gaz lakrimojèn ki t ap bay nan zòn nan. Yon lòt kote, li te fè konprann, gen plizyè polisye ki te kanpe an kwa douvan dwàn nan alòske endividi yo yo menm yo t ap tante antre nan espas dwán nan.
Pou kounya, plizyè imaj montre efektivman yon latriye machin douvan pòtay fwontyè a nan bò pa nou an. Men, jouskounya okenn otorite nan Wanament poko pale pou ta konfime oubyen demanti enfòmasyon sila.
N ap raple, fwontyè a te fèmen se nan dat 8 oktòb 2023 a, kote plizyè milye moun te debake sou fwontyè a pou te al fèmen l. Desizyon sa te pran non sèlman pou kontriksyon kanal la te ka kontinye, men tou pou montre gouvènman dominiken an, ayisyen ka defann enterè peyi Dayiti tou.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023