Yon gwo dife eklate byen bonè nan mache chada jounen jedi 4 me 2023 a, nan komin Petyonvil, presizeman touprè legliz Sen Jan Bosko ak Tribinal pou lapè kote plizyè machandiz ak depo rive boule rapye tè.
Plizyè travayè ponpye te rive nan zòn lan, nan objektif pou metrize ak touye dife sa.
Malgre entèvansyon ponpye yo, anpil dega gentan anrejistre lè n ap gade atravè plizyè imaj epi videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo, tankou : chabon, depo machandiz yo, pwodui alimantè, elatriye.
jiskaprezan pèsonn poko ka rive idantifye rezon ki lakoz dife sa eklate nan mache chada a. « Mwen vin mande sekou avèk peyi an, m pa konn si pou m monte, si pou m desann. M pa konn sa m pral fè. Mwen mache dwe tout moun, m pa konn kiyes m pral adrese eskont ankò, moun ki te konn ban m yo, m vin paka peye yo», selon temwanyaj yon machann manje ki pèdi tout avwa li anndan mache chada.
Credit photo: News Info TV
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023