Cory Alvarez se non yon sitwayen ayisyen ki antre Etazini sou pwogram Biden nan ki jounen jodi a akize nan koze vyòl sou yon tifi 15 lane. Selon sa Fox News rapòte jodi vandredi 15 mas 2024 la, se yon aksyon ki pase mèkredi pase nan otèl Comfort Inn, nan eta Massachusetts ki se yon kote ki resevwa migran ki sou pwogram imanitè a, kote akize a li menm tou ap viv la.
Sepandan, jounal ameriken an di malgre akizasyon vyòl sa ki peze sou do migran ayisyen an, e malgre lapolis te pale avèk viktim nan, akize a fè kwè li pa konn anyen nan sa yo repwoche l la.
“Otorite lokal yo nan Rockland Massachusetts te arete Cory Alvarez, yon resòtisan ayisyen ki gen 26 lane. Biwo pwokirè konte Plymouth la deklare li te parèt douvan yon jij nan tribinal distrik Hingham jedi a, e te plede non koupab pou sèl chèf akizasyon vyòl grav sou yon timoun”, daprè sa yo fè konnen pandan yo soulinye tou otorite polisyè ki te sou plas yo te rive pale ak viktim nan nan otèl la avan menm yo te blije kouri mennen l lopital pou l al pran swen nesesè yo.
Selon detay Depatman Deta ameriken an bay, Cory Alvarez te rive Etazini nan mwa Jen 2023 aprè l te finn bon nan pwogram imanitè Biden nan. Men yo di tou, se yon moun ki ta annafè ak lwa imigrasyon amerikèn puiske jounal la di “gen yon akizasyon nan imigrasyon ak Customs Enforcement (ICE) ki te depoze kont li”.
Pou kounya, sou demann biwo pwokirè a akize a ta dwe parèt douvan jij pou yon odyans sou danje l reprezante 22 mas k ap vini la. Si l rive pèdi odyans la, selon lalwa eta Massachusetts li posib pou l pase 120 jou nan prizon san okenn posiblite pou peye lajan.
Credit Photo: Fox News
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024