Vil Nouyòk ak Noudjèzey sibi yon tranbleman tè 4.8 jodi vandrSelon divès medya entènasyonal, jodi vandredi 5 avril 2024 la, vil Nouyòk ak Noudjèzey apènn gen yon tranbleman tè 4.8 ki souke yo. Daprè US Geological ABC News : «fay ki pwovoke goudougoudou sa a te twouve l tou prè estasyon Whitehouse la nan New Jersey.»
Sepandan malgre evènman sa a, jounal yo poko mansyone okenn domaj. «Enfòmasyon ki fè kwè ta gen blese yo poko klè», selon sa yo di.
Yon lòt kote, yo fè konnen tou nan moman an responsab yo kanpe aktivite nan Ayewopò Entènasyonal John F. Kennedy, ayewopò Entènasyonal Newark Liberty ak Ayewopò Entènasyonal Thurgood Marshall yon fason pou chache jwenn si pa gen dega. Se menm koze a tou pou tinèl Olan(Holland Tunnel) kote yo kanpe tout machin pou fè enspeksyon.
Pou sa a ki gade sèvis nan sistèm metwo yo genyen yo, pou kounye a yo di pa gen domaj. Men, yo presize tranbleman tè a te rive souke plizyè batiman nan 2 eta nou site avan yo anplis Filadèlfi, Konektikòt, ak Wèsechtè.
«Pou moman an, anyen pa montre batiman nou yo domaje, moun nou gen k ap travay nan enstalasyon yo ap voye je sou sa yo prese prese pou n ka garanti sekirite. Kote ki pi bon kounya pou timoun nou yo se nan lekòl yo», se deklarasyon sekretè laprès la, Nathaniel Styer k ap travay nan Ministè Edikasyon vil la.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2024