Nan yon konferans pou laprès, Inyon Nasyonal Nòmalyen ak Edikatè Ayiti (UNNOEH) te bay ayè samdi 30 Septanm 2022 a, li te pwofite dekri sitiyasyon kritik peyi a epi eksplike rezon ki fè lekòl la p ap ka louvri avèk premye minis defakto Aryel Henry an.
Depi plis pase 2 semenn peyi ap konnen yon kokennchenn mobilizasyon nan 4 kwen (Vil pwovens ak Kapital), akoz pwoblèm ratman gaz, lavi chè, ensekirite epi dola k ap mete pye sou goud la.
Sitiyasyon an vin pi kritik pase avan, gen yon vyolans sistematik k ap fèt sou popilasyon an. Malgre sa, lapolis ap fè represyon chak fwa popilasyon an pran lari pou reziste kont move lavi ak pwoblèm reyèl peyi ap konnen. Nan Jeremi gen yon ansanm militan k ap pèsekite, yo menm lage nan mawon, anplis nan vil Tigwav se reprezantan pouvwa a menm ki nan palè nasyonal k ap fè represyon sou moun nan popilasyon an, selon deklarasyon konferansye UNNOEH a.
Li te kontinye pou li ajoute :«Nou denonse pou Okap tou, ansanm represyon nan fason sistematik ki fèt sou popilasyon k ap manifeste yo epi nan Senmak komisè gouvènman an ki deja gen yon ansanm akizasyon sou do li, mete avèk antreprenè nan vil la pou mate mobilizasyon yo».
Pandanstan, UNNOEH kondane zak piyaj k ap fèt nan plizyè lekòl an pwovens yo pandan mouvman mobilizasyon yo nan peyi a, malgre li kontinye ap sipòte Mouvman pou pi bon kondisyon lavi pou majorite popilasyon an fleri k ap soufri depi zigdantan.
Yon lòt kote UNNOEH di : «Nan yon sitiyasyon parèy kòman w konprann lekòl pral louvri lè nou konnen Ariel Henry chwazi monte pri gaz la, lè nou konnen yon ansanm pwofesè ki te nome nan mwa Janvye, tankou Lekòl Nasyonal Jewoloji Aplike (Enga), Lekòl Nòmal Siperyè (ENS), Sant Fondamantal pou Lekòl (CEFEF) olye nan konsèy gouvènman pou yo ka fè minis defakto ale a, nan lide pou ka gen yon tranzisyon koupe fache pou poze pwoblèm sosyetal yo. Men, yo oblije ap pike devan .»
Pandan minis moso levasyon nan peyi a, Nesmy Manigat anonse tout lekòl dwe louvri pòt yo demen Lendi 3 Oktòb la sou tout teritwa nasyonal la. Sou lòtbò a, UNNOE anonse yon kalandriye ajanda mobilizasyon pou mwa Oktòb la pou jis li rive bout 31 Oktòb, nan dat yo te asasinen Charlemagne Peralte ki se youn nan moun ki t ap batay kont lokipasyon Ameriken sou tè sa.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022