• Acceuil
  • Log
  • Login
Upgrade
Mag Haiti
Advertisement
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • T-check
  • Contact
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • T-check
  • Contact
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Ti Bebe ak plizyè granmoun ta peri nan lanmè aprè nèg ak zam te anvayi Sous Matla

La rédaction by La rédaction
21 April 2023
in Société
0
Selon DMSF sanksyon kanada pran kont pèsonalite ayisyen yo ilegal

Nan lespwa pou tante sove lavi yo nan atak gwoup gang Kanaran ak Titanyen tanmen depi ayè mèkredi 19 avril 2023 a nan zòn Kabarè, plizyè abitan nan sous matla ak Simonèt mouri nan lanmè akòz ti kannòt yo te ye a te koule. Pami viktim yo ta gen anviwon 8 ti bebe ki peri, selon enfòmasyon pwofesè Chrisner Télusma bay sou Radyo Televizyon Karayib.

“Gen plizyè moun ak plizyè ti bebe ki t ap tante kite komin lan pou ale Leyogann, malerezman yo pa rive kote yo te vle rive a. Kannòt la fè nofraj, li koule, genyen ki sove men gen 8 a 9 ti bebe ki koule yo pa rive jwenn yo se sa bilan an ye pou moman an”, se sa responsab la deklare jodi jedi 20 avril 2023 a sou antènn Radyo Karayib nan jounal “Premye Okazyon“, pandan l prezise li poko gen enfòmasyon sou konbyen moun ki te sou kannòt sa a.

Poutan, pou jous maten an poko gen yon bilan ofisyèl sou konbyen moun ki ta viktim nan atak nèg ak zam fè sou popilasyon Sous matla a, men plizyè responsab nan zòn nan fè konnen gen plizyè moun ki mouri, ki blese, ak plizyè kay ki boule. Daprè enfòmasyon yo bay, jouskounya pa gen okenn entèvansyon lapolis e prezime bandi yo toujou antoure zòn nan.

“Pa t gen okenn entèvansyon ki te fèt, lapolis te tante, men yo enpuisan paske sa k ap fèt la depase lapolis, se yon kou pa konprann. Bandi asyeje Sous matla jouskaprezan moun yo anndan lakay yo. Gen direktè lekòl, pwofesè ki kache nan direksyon lekòl yo paske nan moman an te gen lekòl, e genyen pwofesè ki pran bal ki paka sòti”, daprè sa Télusma rakonte.

Nan divès eksplikasyon ki bay sou dosye sa, kèk moun ki gen fanmi ki viktim ak tout pwofesè Télusma fè konnen popilasyon an pyeje anndan lakay yo. Yo di gen nan yo ki mouri anba bal akòz yo paka jwenn swen, gen sila yo ki blese k ap soufri men malerezman pa gen okenn mwayen pou moun deyò ta antre pou pote yo sekou. Se menm jan an tou, sitiyasyon parèt difisil pou 4 medam yo site, ki nan yon kay kote gen youn ki mouri, ak yon lòt ki pran bal nan tete li.

Yon lòt bò, enfòmasyon ki disponib yo fè kwè gen anviwon 10 moun nan yon sèl fanmi ki mouri akòz bandi te antre al mete fen ak lavi yo. Konsa tou, gen anviwon yon dizèn jèn gason ki te kanpe dèyè barikad zòn yo ki tonbe.

Nan sans sa, responsab la ak moun zòn nan lanse yon SOS pou sila yo ki ta vle ede yo. Li te pwofite voye yon mesaj klè pou Premye minis Ariel Henry, Frantz Elbé ak tout rès gouvènman an kote l di yo si yo pa ka rezoud sa k ap pase nan peyi a, se pou yo di sa epi bay moun ki ka ranpli misyon sa plas la.

N ap raple nan atak sa ki te fèt ayè mèkredi a, plizyè nèg ak zam t ap eseye atake prizon sivil Kabarè a. Nan sans sa yon polisye ki rele Jude Guillaume, ki sòti nan 26yèm pwomosyon te rive blese ak bal.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023

Comments

commentaires

Nombre de vues: 669
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Yon polisye sòti blese nan yon atak nèg ak zam fè sou prizon sivil Kabarè a

Next Post

Direksyon lekòl Dwa ak Syans Ekonomik Okay la kritike desizyon Rektora ILA te pran kont yo

La rédaction

La rédaction

Next Post
Direksyon lekòl Dwa ak Syans Ekonomik Okay la kritike desizyon Rektora ILA te pran kont yo

Direksyon lekòl Dwa ak Syans Ekonomik Okay la kritike desizyon Rektora ILA te pran kont yo

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (67,161)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (36,149)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (28,269)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (27,063)

Nouveaux Articles

  • La Grenadière Kethna Louis rejoint le club Montpellier Hérault SC en France
  • Une étudiante haïtienne décède dans un accident de voiture en République Dominicaine
  • Sérard Gasius poursuivi en justice pour avoir libéré un présumé chef de gang

RSS Fact Checker

  • Ariel Henry a-t-il vraiment été humilié par le Président chilien?
  • Désintox: non, l’ex sénateur Jhon Joël Joseph n’a pas été arrêté aux Bahamas
  • Non, le canada et le Québec ne recrute pas d’infirmiers et d’infirmière actuellement en Haïti
  • Les manipulations autour de l’éventuelle installation de Joseph Lambert

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • T-check
  • Contact

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Welcome Back!

Login to your account below

Forgotten Password?

Retrieve your password

Please enter your username or email address to reset your password.

Log In
Subject:
Message:
Ajax loader
Skip to toolbar
  • About WordPress
    • WordPress.org
    • Documentation
    • Support
    • Feedback
  • Log In