SOS depresyon se tit yon videyo mizik Collinx Mondésir fè ki sòti ayè lendi 10 oktòb 2022 a. Mizik sa montre kijan yon moun ki soufri maladi depresyon santi l reyèlman. Nan anviwon 5 minit, atis la rive eksplike tout sa ki ka pase nan tèt yon moun k ap soufri ak maladi a.
Nan videyo mizik la, atis la mete l nan po yon moun k ap soufri depresyon. Videyo an nwa ak blan, tout bagay byen kalkile, chak pawòl mache ak aksyon yo. Se Collinx Mondésir ki konpoze li epi fè tout aranjman yo.
ALENS Auguste pwodui son enstrimantal, Jerry Jean Camille fe miksaj epi masterizasyon ladan l.
_« Vwa mwen yo san eko, paj mwen yo san yon mo, m anvi menm pa anvi.mwen la, m santi kè m ap plonje pandan kò m ap flote, m fatige ekziste, mwen la. Mwen kriye anndan m men okenn son pa soti, m ap toufe, mwen eseye kache soufrans mwen men souri m pa ase, silans pa ase, m dezespere, limyè m ap etenn, mwen vivan pandan nan kè m koulè yo detenn”._ Pawòl ki sèvi entwodiksyon pou mizik la. »
N ap raple depresyon an se yon maladi mantal ki touche plizyè milye moun nan monn lan akoz manke enfòmasyon, gen anpil moun ki souvan banalize li epi menm panse se yon eskiz oubyen yon senp mòd ki gen pou pase, poutan maladi a reyèl epi konn lakoz menm lanmò.
_« si w wè m anfòm se sou lafòm, mwen pa anfòm, non m pa anfòm, lespri mwen miyèt mòso, chak batman kè m s on fado, fado sou do m. Mwen la, mwen pèdi gou nan reve de mwen. Mwen pèdi don pou flè m boujonnen, Anndan m se demon k ap galonnen. Gen dimil vwa nan tèt mwen k ap di m pa vo anyen. »_
_”Mwen eseye kache soufrans mwen, men souri m pa ase, silans pa ase, m dezespere, limyè m ap etenn, mwen vivan pandan nan kèm koulè yo detènn.”_ Atis la chante devan yon kòd. Ki ka entèprete kijan moun ki depresif yo konn rive nan yon moman yo panse menm pou touye tèt yo.
Collinx Mondésir pa sèlman yon atis ki kontante li fè mizik sèlman, men li gen yon lisans nan sikoloji nan FASCH(Faculté des sciences humaines), li se yon antreprenè, li fonde ak lòt moun «Collabo Branding Agency.»
“SOS mwen kriyeee, SOS m andanje” se kri atis Collinx Mondésir.
Mizik SOS Depresyon an klotire yon gwo kanpay sansibilizasyon sikològ Collinx Mondésir te mete sou pye ak plizyè kolaboratè depi 16 septanm 2022. Nan kanpay sila yo te sansibilize moun nan divès fason, tankou videyo, temwanyaj, kozri, konferans, elatriye.
Plizyè pèsonalite piblik, espesyalis ak atis, tankou : Belo, Gessica GENEUS, Tafa mi-soley, Gaëlle Bien-Aimée, Elizabeth G. Nocera, Wigens Daniel, Atys Panch, elatriye, te patisipe nan kanpay sa.
Mizik SOS Depresyon an se yon kout rèl atis la fè pou mande nou louvri je nou sou maladi sa k ap fè ravaj nan mitan nou. Li rive mete pawòl sou sa anpil Ayisyen santi, sitou nan move sitiyasyon peyi twouve li jounen jodia. Si gen moun ki pa gen ase fòs pou pale ak rive menm kache soufrans yo, konsa tou gen anpil moun ki temwaye kijan yo santi yo akoz maladi depresyon an.
«m pa ka di m ap viv, m p ap pran angajman sa. Isit la, se prèv vivan lanfè egziste tout bon. Depi m fèt pou jiskaprezan, m ap eseye konvenk tèt mwen ke m konte tou men mwen pa jwenn ase agiman. M konn anvi tiye tèt mwen e m ka di w se jis yon kesyon de tan»
“chak jou m leve se menm reyalite yo pa bo isit. M fèmen je sou lavi m k ap pase. Anprizone tout kesyon,tout pwoblem, tout rèv nan lespwa m ta jwenn yon rezon. Men ki rezon ? Lè menm mwen menm kont tèt mwen nan mande sa m ap fè la ? Anvi viv mwen kase fe plizye bout. Anyen pa atenn mwen, anyen pa siprann mwen… antouka m la.” temwanyaj 2 sanzabri ki refijye nan sant Espòtif kafou a, nan kad kanpay SOS Depresyon an.
Menm jan ak anpil moun k ap soufri ak depresyon nan sant espòtif kafou a, gen anpil lòt moun nan sosyete a ki nan menm sitiyasyon an. Collinx Mondésir fè konnen atravè ni kanpay la ni mizik SOS Depresyon an, yo tande kri yo menm sila ki pa gen ase kouraj pou pale de maladi a.
« Maladi depresyon pa yon mit ni yon fatalite. Li reyèl e li ka touche nenpòt moun kèlkeswa ran sosyal, pozisyon, nivo, edikasyon, laj, sèks, elatriye. Se vre ou ka jwenn fòs anndan w pou w konbat li. Men, si sa rive w santi w ap plonje, ou depase, sonje gen moun nan lantouraj oubyen pwofesyonèl ki disponib pou ede w remonte pant malouk sa.
“Pa chwazi chimen izòlman, ou pa oblije fè konba sa pou kò w. Nou la pou ou, n ap koute w”. Yon ti tèks nan bout videyo a ki sèvi kòm konsèy pou moun k ap soufri ak maladi depresyon.
Bethaida Bernadel
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022