Ansyen kolonèl Himmler Rébu voye jete byen lwen desizyon Ariel Henry a ak tout Konsèy minis lan te pran nan lannuit 6 oktòb pase a. Pou sa ki gen pou wè ak okipasyon an, kolonèl la deklare ayè madi 11 oktòb la sou Radyo Televizyon Karayib : «Pa gen okenn blan k ap riske vi yo pou ayisyen nan moman sa la.»
Plizyè lidè ak gwo kad figi politik nan peyi a pa sispann bay opinyon yo sou demann entèvansyon fòs etranje konsèy minis lan te siyen an. Nan sans sa, Himmler Rébu ak Clarens Renoit te di sa yo panse.
Himmler Rébu se ansyen kolonèl lame dayiti (FAD’H), otè plizyè liv pami yo : echèk Avril la, Asasen lespwa yo(2008), René Preval, dènyè tango a(2012), li se dirijan pati politik Gran Rasanbleman pou Evolisyon Ayiti(GREH).
Clarens Renoit li menm, se jounalis fondatè Ajans Près Nètwòk(HPN), ansyen kandida pou laprezidans nan lane 2016, otè plizyè liv tankou sòti Ayiti nan problèm(2016), li se kwòdonatè nasyonal Pati Inyon Nasyonal pou Entegrite ak Rekonsilyasyon (UNIR). 2 pèsonaj sa yo, fè pati moun sa yo ki pa te neglije di sa yo panse sou sijè entèvansyon fòs militè nan peyi a.
Nan yon premye tan ansyen kolonèl Himmler Rébu fè konnen 3 bagay sou dosye sila a. Daprè sa ansyen militè a fè konnen se kòmsi p ap gen koze okipasyon vre «Demann lan initil, paske pa gen okenn blan k ap vin riske tèt yo la pou nou.» daprè sa li deklare. Pou l te rive eksplike pozisyon l lan pi byen, otè ayisyen an te menm rive panche sou diskou ameriken yo pral eseye bay ” se Ayisyen ki pou met tèt yo ansanm pou jwenn yon solisyon”.
Pou dirijan pati politik GREH a, tout moun ki ta gen entansyon al chache degosye ak chèf gouvèneman an nan moman sa se trèt: «Se pou sa, nan sèl grenn solisyon li pwopoze a, premye minis lan pa gen plas li ladan l.», li kontinye pou li ajoute : «Fòk gen yon tèt ansanm ant Ayisyen pou jwenn yon antant ak entènasyonal la, men l ap difisil pou li fèt ak Ariel Henry», se sou pozisyon sa a ansyen kolonèl la kanpe.
«Nan yon lòtbò, kwòdonatè nasyonal pati politik Inyon Nasyonal pou Entegrite ak Rekonsilyasyon(UNIR/Ayiti-INI), Clarens Renoit fè konnen travay pou kontwole gang yo nan peyi a, se pa pou lòt moun osnon lapolis ak lame dayiti.» «Leta fèt pou li fè travay sa, pou li angaje l pou goumen kont gang, okontrè mwen wè lapolis la se kouri li kouri kite katye bay gang», daprè sa ansyen kandida pou prezidans lan deklare.
Kwòdonatè a fè konprann kou dlo kòk: «li pa dakò ak okenn responsab ki siyen pou entèvansyon militè nan peyi a.» Konsa tou, Clarens Renoit estime li t ap pi bon si Ayiti te mande èd pou ranfòse lapolis ak lame li a
«Ayiti gen dwa mande yon koperasyon entènasyonal, Ayiti fè pati komininote entènasyonal la, peyi a gen dwa mande kèk espè ak teknisyen pou bay plis taktik pou rezoud kriz la, si tout fwa li wè li gen feblès nan fòs nasyonal li yo», toujou daprè sa responsab UNIR lan fè konnen.
Pou moman an, gouvènman Ameriken an plis panche sou maladi kolera a,«pi gwo priyorite nou se asire nou pou tout èd ijan yo rive jwenn pèp ayisyen an.», daprè sa Karine Jean-Pierre, pòt pawòl administrasyon Biden lan deklare nan yon konferans pou laprès jounen jodia.
N ap raple depi jounen 7 oktòb 2022 a, gouvènman Ameriken an potko di anyen sou sijè a, poutan jounen jodia pòt pawòl nan «Maison blanche» lan Karine Jean-Pierre fè konnen : « Peyi Etazini ap egzamine demann peyi Dayiti a ak lòt patnè li yo», daprè sa pòt pawòl la di.
Li rete pou n tann rezilta diskisyon k ap tanmen yo sou do peyi a, menm si n pa konn pou konbyen tan n ap tann.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022