Nan yon nòt yo sòti nan lannuit madi 21 me 2024 la, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) anonse yo pran lisans plizyè responsab nan «Institution Georges Sylvain» nan Senmak. Desizyon sa a pran aprè plizyè moun t ap pataje divès videyo sou rezo sosyal yo. Ladan l nou te ka wè yon direktè lekòl ki t ap maspinnen yon elèv nan klas Segondè 2 ( NS2) anndan klas la menm.
Daprè detay ministè a bay, endividi sa a elèv yo t ap rele pastè a e ki te fè zak kriminèl sa a pote non Clément Geffrard Lanier, li se direktè administratif «Institution Georges Sylvain» an. Ki se yon lekòl ki chita kò l nan vil Senmak espesyalman nan zòn Fresino.
Se pou sa a, responsab yo deklare «MENFP ap enfòme piblik la sitou manm kominote edikatif la li deside sispann pèmi pou dirije Clément Geffrard Lanier, aprè vyolans grav li fè sou yon elèv nan lekòl sa a». Nan menm dosye a, yo pran menm desizyon an kont Félix Estimé ki se direktè prensipal enstitisyon an.
Nan kominike a, ministè ki responsab edikasyon nan peyi a montre yo kondane zak sa a ki te pase lendi 20 me 2024 la, yo tou pwofite anonse y ap travay nan tèt kole ak lajistis ayisyèn pou dosye a pa rete kon sa a. Pandan tan sa a, yo soulinye konpòtman Clément an pa t gen anyen pou wè ak prensip ki etabli pou bon fonksyonman lekòl e sou règ legal ki kont «chatiman kòporèl» anndan lekòl yo.
«Nan jefò k ap fèt pou garanti pi plis chak jou byennèt eskolè a, ministè a pran tou lòt dispozisyon pou bay ti moun sa a ankadreman psikolojik ki nesesè pou evite tout dega nan pakou akademik li», se sa yo deside pou akonpanye jèn fi a ki te sibi zak la nan prezans plizyè elèv ak pwofesè ki pa t pote l sekou nan moman aksyon an t ap pase a.
Nan lide pou konbat zak kriminèl sa yo, MENFP di y ap kontinye fè fòmasyon pou ede direktè yo konn wòl yo epi aprann konnen ki sa a ki di nan règleman yo. Yo pwofite mande popilasyon an ak paran yo rete vijilan pou kapab kwape tout zak vyolans anndan lekòl yo. Se pou sa a, yo mete nimewo sa yo disponib pou tout plent ak pou denonse move aksyon yo ta fè fas ak yo : 3126-7519/ 4720-4375.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024