Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Selon ekspè nan Nasyonzini yo, fanm ak ti fi se premye viktim ensekirite a an Ayiti

Mag Haiti by Mag Haiti
May 7, 2024
in Société
0
Selon ekspè nan Nasyonzini yo, fanm ak ti fi se premye viktim ensekirite a an Ayiti

Atravè yon nòt ekspè yo pibliye nan dat ki te lendi 6 me 2024 la, plizyè ekspè nan Nasyonzini konstate gen anpil vyolans k ap fèt sou fanm ak ti fi. Vyolans sa yo vale teren akoz pwoblèm ensekirite peyi a ap konfwonte, sa a ki ta vle menm antere dwa fizik, mantal ansanm ak lavi moun sa yo.

«Fanm ak ti fi an Ayiti yo kontinye ap sibi yon fason san parèy konsekans kriz sa a k ap ravaje peyi a», se sa a ekspè nan Nasyonzini yo fè konnen. Yo Kontinye pou yo di : « Inegalite yo te deja la anvan sa a, diskriminasyon seksis vin pi grav sitou nan sitiyasyon aktyèl la.»

Yo di yo gen anpil preyokipasyon konsènan gang kriminèl yo k ap itilize vyolans seksyèl kont fanm ak ti fi kòm zouti pou yo ta fè lapè epi mande lajan pandan lide yo se pran kontwòl pouvwa a epi sanksyone moun yo nan kominote yo.

«Fanm ak ti fi ki deplase ale nan sit yo anndan peyi a ap viv nan yon sitiyasyon ki pa nòmal ak enstab, yo nan sitiyasyon vilnerab avèk vyolans seksyèl», daprè sa a ekspè Onizyen yo sinyale nan nòt sa a.

Ekspè yo desire mande kriminèl yo pou yo kanpe tout fòm vyolans seksis y ap fè rapid vit. Yo menm eksprime enkyetid yo fas ak enkapasite grav ak pèsistan otorite yo pou pwoteje ak fè respekte dwa moun sa yo nan sitiyasyon kriz peyi a ap travèse a.

«Okenn moun pa dwe anpeche ni gen difikilte pou l chwazi bezwen l yo epi ofri fanmi l yo sa a tankou gen aksè ak lekòl, swen sante epi sèvis ki pi ba yo ansanm ak bonjan swen pou yo fè timoun ak fè sèks», se sa a ekspè yo ajoute nan etid yo mennen sou Ayiti.

Pou fini, yo leve vwa yo pou fè konprann refleksyon sou vyolans seksyèl k ap fèt sou fanm ak ti fi anndan peyi a dwe nan sant pwosesis tranzisyon politik la. Pou yo, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an dwe garanti vyolans sou fanm ak ti fi p ap repwodui, yo dwe mete anba kòd tout koupab yo pou y al jije devan lajistis.

«Nou mande tout otorite yo pou pran tout mezi ki nesesè yo pou garanti patisipasyon fanm yo nan egalite youn pou lòt nan pwosesis konsolidasyon lapè, lè n konsidere rezolisyon 1325 nan konsèy sekirite Nasyonzini an.»

Crédit Photo: Médecin Sans Frontières

Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 513
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Bruno Maes kondane divès atak nèg ak zam fè nan Pòtoprens yo

Next Post

34 enstitisyon sante pou pi piti fèmen pòt yo nan Lwès la akoz ensekirite a

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
34 enstitisyon sante pou pi piti fèmen pòt yo nan Lwès la akoz ensekirite a

34 enstitisyon sante pou pi piti fèmen pòt yo nan Lwès la akoz ensekirite a

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (85,855)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,774)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,815)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,661)

Nouveaux Articles

  • ULCC revele ansyen direktè OFATMA a te fè magouy pou zanmi politik li fè lajan nan leta
  • Stéphanie Désir, une personne à mobilité réduite arnaquée par un ancien membre du BSEIPH
  • ULCC mande lajistis mare Renan Hédouville ak 6 akolit li nan OPC

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?