Jounen jodi vandredi 24 fevriye 2023 a, Òganizasyon Dwa Moun San Fwontyè (DMSF) denonse zak ilegal peyi Kanada ap fè sou pèsonaj piblik Ayisyen yo parapò avèk dividal sanksyon li yo selon radyo Ginen.
Atravè yon rapò Fondasyon Dwa Moun San Fwontyè pibliye parapò avèk dividal sanksyon peyi Kanada pran kont ansyen ak nouvo otorite piblik ayisyen yo, DMSF montre karaktè ilegal sanksyon yo. Dènye tan sa yo, desizyon sa plis konsène sila yo ki nan politik ak ekonomi ki ta ap bay sipò avèk gwoup gang yo.
Selon sa responsab Fondasyon Dwa Moun San Fwontyè, André Grimblatt, fè konnen :«Okenn moun paka pini anvan menm yon Tribinal konpetan kondane li».
André Grimblatt di li vrèman dezole pou sila yo ki touche anba sanksyon Kanada an Ayiti, pandan pa gen okenn Tribinal ki gen abilite sou kesyon sa.
Paralèlman, òganizasyon Dwa Moun San Fwontyè pwomèt l ap pote plent sa douvan Enstans entènasyonal, sitou wo kòmandan Nasyonzini pou Dwa Moun, presizeman Volker Türk pandan mwa mas k ap vini an.
Òganizasyon dwa moun sa mande pou peyi Kanada retounen sou desizyon sa yo, kote li sanksyone plizyè pèsonaj piblik tankou Jocelerme Privert, ansyen premye minis Laurent Salvador Lamothe, Jean-Henry Céant, elatriye.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023
Discussion about this post