Daprè sa yon wo responsab Ameriken deklare bay jounal Miami Herald, gen pou piti 20 polisye ki deja antre Etazini nan kad pwogram imanitè a. Alòske avan sa, direktè imigrasyon Ayisyen an, Jean Osselin Lambert li menm te fè konnen sou 9 000 polisye aktif nou yo, gen anviwon 1/3 ladan yo k ap gen pou vwayaje al Etazini.
Menm jan anpil sitwayen Ayisyen ap chèche fè paspò pou kite peyi a gras ak nouvo pwogram liberasyon kondisyonèl la, se konsa tou polisye yo gen menm vizyon an tou. Selon sa Jean Osselin Lambert te fè konnen, gen yon bon pati nan ajan nou yo ki depoze pyès pou ta jwenn paspò yo.
Nan sa ki gen pou wè ak sila yo ki benefisye pwogram sa, yon gwo kad Ameriken fè konnen «Pami Ayisyen ki gentan antre Etazini nan pwogram lan gen pou pi piti 20 ladan yo ki te manm Polis Nasyonal Dayiti a.» toujou daprè jounal Ameriken an.
Yon lòtbò, depi lè pwogram lan te anonse 5 janvye 2023 a, anviwon 600 polisye te déjà fè demann pou gen paspò yo, daprè chif premye minis Ariel Henry te bay nan 44èm somè chita pale gran dirijan karayib yo te tanmen nan jou pase yo.
N ap raple, nouvo mezi sa te pran nan kad pou administrasyon Biden lan te goumen kont migrasyon ilegal sou fwontyè l yo. Poutan se yon desizyon ki rive mete gouvènman Ayisyen an nan yon sitiyasyon l paka jere, puiske tout sitwayen Ayisyen yo ta vle kite peyi a akòz ensekirite a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023