Nan yon rapò sekretè jeneral Oganizasyon Nasyonzini(ONI)an Antonio Gutteres prezante ayè lendi 23 janvye 2023 a, li mande pou fòs militè etranjè antre nan peyi a san pèdi tan. Pou kore demann sila a, reprezantan Nasyonzini an bay plizyè eleman ak chif ki te make ane 2022 a epi ki plis antrave sekirite peyi Dayiti jounen jodia.
“Gen ijans pou voye yon fòs ame espesyalize entènasyonal. Kèk gwo mezi dwe pran san pèdi tan pou frennen enpak vyolans gang yo sou fanm ak tifi an Ayiti“, se deklarasyon Antonio ki montre yon lòt fwa ankò entèvansyon militè etranjè nan peyi a se yon nesesite pou konbat kriz k ap kangrennen sosyete a.
Nan rapò sila chèf Nasyonzini an fè konnen, ane 2022 sa a ki sot pase a, se pi gwo defi peyi Dayiti pase akòz pousantaj zak asasinay, kidnapin epi vyolans ki fèt yo ki depase chif lane 2021 an.
“2180 moun mouri anba bal bandi sa ki reprezante 35,2 % parapò ak lane 2021, kote chif yo te nan 1 615 ka ki te enrejistre. Nan sa ki gen pou wè ak zak kidnapin, gen 1 359 moun prezime bandi te kidnape pou ane 2022 a, kont sèlman 664 ka ki te anrejistre pou ane 2021 an. Pami moun sa yo, gen 294 fanm ki repati ak 23 timoun ki te nan men kidnapè. Chif sa yo ogmante ak 104,7% daprè chif polis nasyonal Dayiti bay“, toujou daprè sa Antonio Gutteres fè konnen.
Nan menm sans sa, sekretè jeneral Oganizasyon Nasyonzini an mande leta santral peyi a pou bay lapolis la mwayen pou kwape tout bandi k ap sikile nan Repiblik la. Daprè sa reprezantan an soulinye, se tout move aksyon sa yo ki anpeche lavi reprann nan peyi a.
Pandanstan, sa fè dezyèm demann diplomat Pòtigè a fòmile, okenn peyi manm konsèy sekirite loni an pa janm manifeste pou ta pran tèt operasyon militè sa ki sanble met tout moun nan reflechi. Pou kounya a, rete pou konnen kisa ki pral pran kòm desizyon nan reyinyon ki ta dwe tanmen ant manm sila yo, jounen jodi madi 24 janvye 2023 a.
Credit photo: www.aa.com.tr
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023