Choisimo Narcisse, pitit Lakou souvnans, tout moun konnen sou non atis li Sanba Atchasou sòti dezyèm mizik li nan dat ki te 23 desanm 2023. Mizik sa a gen pou tit «Manman cheri» ki asosye de rit, kongo ak rara, nan sousi pou sanbilize moun sou enpòtans sakrifis yon manman ka genyen nan lavi moun epi nesesite pou n pran desten peyi d Ayiti an men.
Pou Atchasou konsèp manman an nan mizik la ranplase Ayiti menmsi lè w ap koute l li ka fè w sonje ak pwòp manman pa w osnon yon manman kèk moun ap rann engratitid : «Mesaj ki pase nan mizik la se rakonte ki mizè yon fanm pase pou l fè pitit epi ou wè menm pitit sa yo sòti pou touye pwòp manman yo e manman sa yo reprezante Ayiti Cheri, yo kale manman yo, yo joure yo, touye yo, vyole yo…»
Pou Sanba Atchasou rit vodou yo jwe yon gwo wòl nan kreyasyon l paske se yo li itilize pou fè mizik, sa pa vle di li pa ka itilize lòt non ! Men li kòmanse ak rasin nan pandan rasin nou ap fè l grandi e je l ap louvri sou lòt rit yo, lakou yo jwe wòl pa yo nan demach atitistik li tou e yo pa sispann pwoteje l kont tout pyèj.
Atis la se yon pitit ginen ki pa vle wè enjistis e lakou l grandi ba li yon latriyè valè ki tounen baz tout sa l ap fè nan mizik sòti nan bat tanbou, kònen lanbi oswa chante pou lwa yo ak delivrans peyi l. kwayans li nan vodou, apatenans li ak fèy nan bwa epi Lakou Souvnans penmèt li devlope yon bon rapò ak plizyè divinite nan panteyon vodou ayisyen an toudayè non atis li pa yon aza.
«Non ATCHASOU a se non yon lwa ki nan Lakou Souvnans ki te poze m yon kesyon nan dòmi, mwen reponn li epi li di mwen mèt rele tèt mwen Atchasou epi nan demen mwen mache di tout moun bò lakay mwen m rele Sanba Atchasou epi m tou bay lòt jèn ki konn avèk mwen non pa yo, pa egzanp gen Kebyesou, Ganga vodouyizan, Lawoka pou m site sa yo sèlman.»
Atchasou se yon lanmoure enstriman «tanbou», depi l gen sis lanne l ap jwe l nan Lakou Souvnans ki te gen yon lekòl tanbou chak vandredi, lakou sa a se yon lakou ki gen de lòt lakou ki akonpanye l se Lakou Soukri ak Lakou Badjo. Pasyon sa a li te kenbe l jouk li grandi e se sa k fè l sòti premye mizik li ki gen pou tit Lafrico nan lanne 2017. Pou Sanba a mizik sa a manke ateri paske pwomosyon te manke fèt e se pou sa a l ap fè tout jefò l pou dezyèm mizik li a fè chemen l kòmsadwa nan peyi a.
Pitit tanbou a fè anpil pakou nan mizik an Ayiti tankou lòtbò dlo menmsi l avwe li pa ko ale nan gwo peyi nan Amerik la, an Ewòp osnon an Afrik : « Mwen poko ale nan gwo peyi yo men mwen sou wout la m ap rive kanmenm, m ale Matinik nan mwa jiyè 1995 avèk ekriven Lionel Trouillot, nou t al patisipe nan festival Amasyo epi Repiblik Dominikèn nan menm ane a avèk yon djaz ki te rele Freedoo wonn.
Pou AYITI m al jwe nan anpil vil pwovens ak nan kapital la. Dènye festival mwen sot patisipe la se Festival Fò Libète nan dat ki te 29 novanm ki sot pase a Timako MES ak ZANTRAY KRESAN bèl PWOGWAM PWODIKSYON te òganize. Nan dat ki te 18 novanm nan mwen te jwe bò kanal la nan vil Wanament tou.»
Pou Atchasou rive lanse l nan mond mizikal la pa t fasil ditou, premyèman paske se sou mizik ak bat tanbou l viv e dezyèman se pa tout kouch nan sosyete a ki aksepte nivo angajman l pran nan tèks li yo san n pa bliye chwa mizikal li yo. Malgre sa a, atis la pa sispann batay pou mizik li rive lwen epi pote banjan mesaj pou tout moun sitou jèn yo paske pou li se lè yon moun rete sou bon wout la epi kwè nan talan l l ap rive.
Mizik la, Manman cheri, disponib sou plizyè patfòm menm sou youtube, Facebook, Instagram ak Tiktok. Yon moun ap ka koute l paske premye sousi Sanba Atchasou se pou plis moun gen aksè ak li epi pran konsyans sou eta peyi a.
Romy Jean François
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023