Nan divès rekòmandasyon Rezo Nasyonal Defans ak Dwa Moun (RNDDH) fè nan dènyè rapò li te pibliye jou ki te mèkredi 10 Avril 2024 la, li mande pou yo retire direktè jeneral Lapolis Frantz Elbé pou enkonpetans li nan lide pou retabli kondisyon nòmal pou penmèt moun yo sikile lib e libè epi retounen lakay yo.
Nan dokiman sa a, òganizasyon dwa moun lan prezante nivo vyolans ki lakòz moun pa ka sikile ni gen aksè deplase avèk sa yo genyen kòm byen yo ni jwenn sèvis yo bezwen kòmsadwa. Pou li, nou riske tonbe nan yon kriz imanitè sitoutfwa pa gen okenn mezi valab ki pran kont tout sa yo.
Rezo Nasyonal Defans ak Dwa Moun mande pou yo mete kanpe yon Konsèy Pouvwa Jidisyè. Anplis, nou dwe jwenn yon antant pou n frennen grèf san kanpe ki nan peyi a pou aktivite yo ka reprann, sitou anndan tribinal yo.
Paralèman, nan espas 3 mwa nan kòmansman ane a gen plis pase 208 moun ki mouri, 117 enstitisyon prive kou piblik bandi dechouke ak mete dife, plizyè moun kouri kite kay yo pou yo ale nan gran Sid la epi plizyè lekòl ansanm ak lòt espas ankò oblije fèmen pòt yo akòz zak banditis. Mete sou sa a, se chak jou Federasyon gang «Viv ansanm» ap teworize popilasyon an toutpandan pri pwodui yo ogmante enflasyon nan peyi d Ayiti a 20,9%.
RNDDH rekòmande pou gen yon Konsèy prezidansyèl Tranzisyon k ap vin opere chanjman depi nan antre an fonksyon li an, patikilyeman nan koze ensekirite a. Li ta dwe pote asistans sosyal, sikolojik epi ekonomik avèk viktim yo.
Rezo Nasyonal Defans ak Dwa Moun (RNDDH), mande pou konsèy prezidansyèl Tranzisyon an vin jere resous leta yo nan manyè sa dwe fèt olye lajan sa yo ale jwenn gang ak zam yo. Yo fè rekòmandasyon sa a akòz jan yo te remake sa a te konn fèt nan gouvènman premye minis defakto a, Ariel Henry, pandan li te sou pouvwa a.
Pou fini, òganizasyon dwa moun lan ta vle yo fè yon odit pou peryòd 2021 ak 2024 sou divès enstitisyon etatik yo. Enstitisyon l site yo se : Palè Nasyonal, Primati, Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal (MICT), Ministè planifikasyon ak koperasyon ekstèn (MPCE), Ministè Travay Piblik ak Kominikasyon (MTPTC), Ofis Nasyonal pou Granmoun yo (ONA), Otorite Ayewopòtyè Nasyonal (AAN) epi Ofis Nasyonal Avyasyon Sivil ( OFNAC).
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024