Nan yon nòt yo sòti lendi premye avril 2024 la, responsab yo nan Rektora Inivèsite Leta yo(RUEH) denonse dife nèg ak zam te mete nan lokal Lekòl Nòmal Siperyè (ENS) jou ki te jedi 28 mas pase a, sa ki fè pou kounya gen pou pi piti 6 sal nan lekòl sa ki pase anba flanm dife. Konsa tou, yo te pwofite kondane
move zak divès lòt lokal pa yo sibi pandan dènye jou sa yo.
“Rektora a denonse epi kondane zak sovaj ki fèt kont prensipal sant inivèsite piblik nan fòmasyon mèt beton nan zafè lekòl segondè an Ayiti yo“, se pawòl responsab yo nan kominike sa pandan yo soulinye enkonpreyansyon yo pa rapò ak zak sa yo ki pa epanye ILA a ak move sitiyasyon ensekirite sa ki gen nan peyi a.
Sou menm dosye sa, Rektora a atravè ekip kominikasyon yo a raple tout moun espesyalman otorite anplas yo divès inivèsite yo sibi zak banditis. Pami inivèsite sa yo nou jwenn Fakilte Agronomi ak Medsin Veterinè (FAMV) yo te piye pou pran pano solè, invètè, laptòp, kabann, telefòn ak divès ekipman laboratwa, Fakilte Dè Syans (FDS) kote yo te kraze plizyè vit epi pran plizyè televizè, pano solè, ekipman laboratwa ak pedagojik, Fakilte Lenguistik Aplike (FLA) li menm ki jouskaprezan kèk manm nan popilasyon an pran pou refij. Epi dènye batiman an se Ekòl Nòmal Siperyè (ENS) kote gen anviwon 6 sal boule.
Pandanstan, menm jan ak kèk lòt enstitisyon epi mèt biznis ki sibi zak vyolans pandan dènye jou sa yo, responsab yo nan ILA a espere ap gen yon bout ak tout vyolans sa yo. Paske nan bò pa yo, yo mansyone batiman ILA yo se yon bann lokal ki plis pase enpòtan pou patrimwàn inivèsite peyi Dayiti.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024