Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société Santé

Prezidan APH la prevwa gwo konsekans sou lavi Ayisyen Akòz divès famasi ki atake yo

Mag Haiti by Mag Haiti
April 5, 2024
in Santé
0
Prezidan APH la prevwa gwo konsekans sou lavi Ayisyen Akòz divès famasi ki atake yo

Depi aprè bandi ak zam te fin kraze Penitansye Nasyonal la nan dat 3 mas 2024 la, nan zòn Metwopolitèn Pòtoprens la, gwoup gang Viv ansanm pa sispann teworize, dechèpiye epi mete dife nan byen prive ak piblik nan Repiblik la. Lekòl, inivèsite, lopital, famasi, bibliyotèk, youn pa epanye anba men yo. Sa ki fè pral gen gwo konsekans ak enpak nan sosyete a, sitou nan sektè sanitè a selon espesyalis yo.

“Lè nou konsidere divès zak piyaj ki fèt sou ajans klinik ak famasi yo, sa vrèman pral gen enpak sou sektè sante a nan peyi a“, se deklarasyon prezidan Asosyasyon Famasi an Ayiti a(APH) Pierre Hugues Saint Jean, fè bay Mag Haïti.

Depi monte vyolans la nan peyi a gen anviwon 5 lopital ak divès famasi ki touche anba zak banditis nan zòn Metwopolitèn Pòtoprens la. Pami yo nou jwenn Lopital «Saint François de Sales », Lopital Inivèsite Leta Dayiti tout moun konnen sou non Lopital Jeneral, Lopital Dèlma 18, lopital Bernard Mevs(ki fèmen), Lopital «Fontaine » nan site Solèy. Anplis sa yo, gen plizyè famasi yo piye epi boule nan ri Monsenyè Giyou ak anfas Lopital Jeneral.

Pou prezidan APH la sitiyasyon sa: «pral ogmante sou mank medikaman ki te deja genyen nan sektè famasi a, sitou akoz pò ki fèmen epi difikilte pou achte medikaman. Sa ki pral mete medsen ak pasyan yo nan difikilte pou pèmèt yo fè kèk tretman».

Sou yon lòt bò, depi kèk jou bandi ak zam rive pran kontwòl pi gwo sant laswenyay peyi a ki se Lopital Jeneral. kote yo tabli katye jeneral yo pou itilize l kòm pwen estratejik pou afwonte Lapolis k ap anpeche yo bout ak move zak yo. Nan sans sa Pierre Hugues nan sousi pou montre sistèm sante te deja pa bon, fè konnen ak aksyon sa yo egzistans moun pral menase plis toujou, sitou pasyan ki malad yo, daprè sa l di.

Pandantan sa, menm jan divès gwo estrikti ap sibi zak piyaj yo se konsa tou plizyè pwopriyetè klinik ak famasi lage 2 bwa balanse jounen jodi a.

Tankou manm popilasyon an swete l, prezidan Asosyasyon Famasi a Pierre Hugues Saint Jean espere pou n pote kole pou rezoud pwoblèm peyi a nan fason n kapab. Puiske li rete kwè ” si tout fwa nou menm Ayisyen mete tèt ansanm, sa ap pi bon fòmil pou pèmèt peyi a jwenn estabilite li ak chimen devlopman dirab”.

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 463
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Alejandro Mayorkas voye pinga bay tout Ayisyen k ap pran lanmè pou antre Etazini

Next Post

Nèg ak zam kidnape meteyowològ Rudy Victor

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Nèg ak zam kidnape meteyowològ Rudy Victor

Nèg ak zam kidnape meteyowològ Rudy Victor

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,763)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,988)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,149)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,908)

Nouveaux Articles

  • Komite sanksyon ONU an sanksyone gwoup gang Viv Ansanm ak Gran Grif
  • Prezidan KPT a mande Premye minis Alix Didier Fils-Aimé rapò sou plizyè dosye leta enplike ladan yo
  • Leta ayisyen ak anbasad amerikèn kondane dife gang mete nan otèl Oloffson nan

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?