Premye minis Bahamas la, Philip Davis deklare jodi mèkredi 28 fevriye 2024 la, chèf gouvènman ayisyen an, Ariel Henry angaje l pou l fè eleksyon 31 dawout 2025. Daprè Miami Herald, deklarasyon sila fèt, se nan kad 48yèm reyinyon chèf gouvènman peyi nan Kominote Karayibeyèn (CARICOM) yo te òganize pandan jou yo.
Chèf gouvènman Bahameyen an, Philip Davis fè konprann, angajman sa ki pran an se yon gwo pa nan bon direksyon ki ta dwe bout ak mete yon bon gouvènman nan tèt peyi a. Konsa, li fè kwè ak kout men Etazini, Kanada, ak Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) 15 peyi CARICOM yo ap gen pou dirije yon ekip evalyasyon an Ayiti nan objektif pou ede nan planifye eleksyon yo. Rapò yo ta dwe kòmanse bay depi 31 mas k ap vini la, selon presizyon jounal ameriken an pote sou sa gwo responsab la di yo.
Sou menm pwen sa, dirijan an di li panse yo gen solisyon an, men rete kwè yo pap ka rive bout ak pwojè a si dirijan politik, sektè prive a ak sektè relijye ayisyen an pa patisipe. Se pou sa, li menm ak prezidan Giyàn nan, Irfann Ali envite pou moun sa yo mete tèt yo ansanm pou ka tabli lapè nan peyi Dayiti ki twouve l nan rejyon karibeyen an.
“Tout moun pap ka jwenn sa yo vle, men Ayiti dwe jwenn sa l bezwen an”, se deklarasyon prezidan Ali ki soulinye dosye Ayiti a se yon priyorite pou yo tout nan rejyon an.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024