Depi aprè zak asasina ajan polisye Brigad lit kont Estipefyan (BLTS) an, Lincoln Bien-aimé, 2 desanm 2022 a, gran frè li a ki se Leo D. Pizo Bien-aimé chwazi fè anpil deklarasyon sou sak ta koz lanmò ti frè li kòm ansyen polisye jounen mèkredi 28 desanm 2022 a, kote yo pa te menm rive jwenn kò li pou antere li epi rann dènyè omaj avèk li.
Ajan polisye sa te mouri nan komin Kwadèboukè, kote yo te akize bandi «400 Mawozo » kòm gwoup ki patisipe nan retire jenn gason sa, pandan li t ap eseye antre Gantye.
Selon deklarasyon gran frè viktim lan, Leo D. Pizo Bien-aimé, sou Panel Magik 9 «Se Yon asasina planifye ki fèt , patikilyèman polisye inite depatman mete lòd (UDMO), ki toujou la pou manye cha TIMAGALI nan Kwadèboukè.»
Gran frè a pa sispann fè deklarasyon kont sila sa yo ki ta lakoz li pèdi ti frè li, ki se yon ansyen sikològ epi ajan polisye nan Inite BLTS. «Mwen akize polisye sa yo, paske atitid yo pa te afiche yon atitid pwofesyonèl, nan mezi Lincoln Bien-aimé ki moun Gantye, li pa te janm chwazi antre nan pratik koripsyon polisye y ap aplike nan wout Nasyonal # 8», deklarasyon fanmi viktim lan.
Plizyè polisye anndan cha yo bay ti non Timagali ta akize kòm moun ki fè trafik pou antre lajan avèk materyèl sa ki nan men yo, kote madan Sara, komèsan epi chofè se ta moun kòmkwa yo pran lajan nan men yo pou yo travèse sou wout la.
Leo D. Pizo Bien-aimé, ki se Fanmi viktim lan epi pwofesè anndan Inivèsite Leta Dayiti te kontinye pou li ajoute :«Se kòb popilasyon an ki achte gaz, polisye y ap ransonnen chofè kamyon k ap sòti repiblik Dominiken kote yo fè yo peye ant 500 ak 1000 dola ameriken pou yo travèse, yo fè chofè kamyon Tyòt, Fonvèrèt epi Forè dèpen peye ant 10000 ak 20000 goud epi chak endividi peye selon mwayen yo, li ka 2500 ak 5000 goud pou yo travèse yon kous 50 goud.»
Yon pratik selon gran frè viktim lan, Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) ta deja okouran epi y ap ankete plis sou li, malgre li avwe kote l ap resevwa anpil menas aprè li fin pote plent nan men enstans konsène yo. «Mwen depoze plent nan enspeksyon Jeneral, mwen mande Jistis pou frè m lan, pou tout popilasyon Ayisyen devan vyolans planifye, yon politik vyolans k ap fèt nan peyi a epi twòp moun viktim zak sa yo», kri gran frè defen Lincoln Bien-aimé.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022