Jounen jodi lendi 30 janvye 2023 a, plizyè aktivite paralize nan peyi Dayiti akoz grèv plizyè polisye fè, aprè lanmò 7 konfrè yo nan mwa janvye a, nan Lyankou, Depatman Latibonit.
Sòti nan kapital pou n rive nan zòn pwovens yo, plizyè mach tanmen pou fè sòti revandikasyon polisye yo. Kote Lapolis ak popilasyon an fè yon sèl pou denonse nivo ensekirite k ap ravaje peyi a epi egzije plizyè bagay avèk leta Ayisyen pou sivil ak polisye sispann mouri nan sosyete a.
Nan kèk pankat atravè revandikasyon polisye nan pwovens Gonayiv te ekri non plizyè moun ki ta enplike nan lanmò polisye yo. Pami moun sa yo, genyen Direktè Depatmantal polis la nan Latibonit ki ta responsab atak baz Gran grif nan Savyen ki lakoz lanmò 7 «UDMO) sa yo nan dat 25 janvye ki sot pase la».
« Nou egzije DG-PNH la operasyon demantle bandi. Nou egzije bon materyèl pou nou travay.Toutotan kò polisye yo pa antre nan baz p ap gen nouvo DDA », se sa anpil polisye t ap mande.
Anpil inite nan lapolis la te prezan nan mach pasifik sa. Yo te akonpanye ak megafonn pou sòti revandikasyon yo kont sa y ap sibi anndan enstitisyon sa :« N ap mande pou estaf ki lakoz lanmò polisye sa yo ki mouri lachman an pa janm jwenn pòs nan lapolis la.»
N ap raple selon dènyè rapò Rezo Nasyonal Dwa Moun (RNDDH) gen anviwon 18 polisye ki mouri pandan mwa janvye 2023 a nan Metivye, Kwadèboukè, Lyankou epi zòn Metwopolitèn lan.Pandan tan sa, wo kòmandan Lapolis lan mete kanpe yon operasyon ki rele “Tònad 1” pou batay kont bandi yo epi vanje polisye k ap plede mouri yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023
Discussion about this post