Jounen jodi vandredi 16 septanm 2022 a, gen plizyè manifestan ki ta pran bal pami yo genyen 2 ki rive idantifye sou non Theomar Yves Michel (35 an) ak Adolph Richard, selon Radyo Mega.
Sitwayen k ap manifeste kont ogmantasyon gaz, ensekirite, lavi chè, mande pou premye minis defakto Aryel Henry ak akolit li yo pou kite pouvwa, elatriye. Pandanstan, plizyè nan sitwayen sa yo ta resevwa bal nan men Lapolis, presizeman nan Ri Rigo ak Nikola Jefra.
Youn nan viktim yo ki se Theomar Yves Michel reveswa yon bal, kote trip li ta sòti deyò. Li te oblije kite Lopital Jeneral Okay la akoz pwoblèm gaz pou l al pran swen nan yon lòt Lopital. Lòt jèn gason an ki se Adolph Richard resevwa bal la nan pye goch li, toujou selon Radyo Mega.
Mobilizasyon kont pouvwa anplas la ak pwoblèm sosyal epi ekonomik ap rapousuiv pou yon lòt jounen nan plizyè vil nan peyi. Pandanstan, Lapolis sou lòtbò pa sispann tire kout bal ak gaz lakrimojèn kont manifestan yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022