Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Politique

Plizyè klan te fòme nan lide pou te pran tèt leta a nan men Jovenel Moïse

Mag Haiti by Mag Haiti
February 23, 2024
in Politique
0
Plizyè klan te fòme nan lide pou te pran tèt leta a nan men Jovenel Moïse

Nan òdonans jij Walter Wesser Voltaire a ki te pibliye depi lendi 19 fevriye 2024 la, li fè konnen gen plizyè moun ki te reve pran plas ansyen prezidan Jovenel Moïse la. Konsa, nan plizyè pati nan rapò a, li montre klè te gentan gen divès klan ki te gentan fòme kont li pou pran pouvwa a nan men l.

Daprè ankèt yo, pastè Christian Emmanuel Sanon, se premye moun nan tout reyinyon ankachèt ki konn ap fèt nan bò pa l ki te toujou anonse se li k ap prezidan nan plas Jovenel Moïse la. Konsa, yo di tou se li menm menm ki te deklare se li k te rasanble asayan nasyonal epi entènasyonal yo, sa ki fè jij Voltaire ekri li se pi gwo sèvo nan ansasinay prezidan an. Sepandan, Joseph Vincent te fè konnen endividi sa yo ki se Ashkard Joseph ak Jocelyn Cadet te eksplike l se pòs premye minis yo t ap bay Sanon.

Dezyèm moun ki te gen lide pran plas prezidan an se ta ansyen jij kou kasasyon an, Windelle Coq Thelot. Selon temwanyaj pastè a, se moun li te gen bon relasyon ak li depi nan lane 2018. Majistra a di pi lwen “madanm sa te vle vinn prezidan Repiblik Dayiti aprè eliminasyon prezidan Jovenel Moïse “.

Alòske 2 moun sa yo te vle pou se yo ki pou prezidan, gen lòt moun se pito patizan yo yo te vle pran plas la. Selon òdonans la, sou pwen sa se Félix Badio ki te deklare li menm se enfiltre l te konn enfiltre konplotè yo, se pou sa li bay non kèk moun ki te gen pwòp klan yo pou rèv politik sa a.

“Jeantel Joseph te swete pou gen Smith Magny pou ranplase prezidan an, Rénald Luberus te vle gen Valbrun Lyonel ak Line Balthazar, pou Claude Joseph, Martine Moïse, Martine Moïse te vle tou Claude Joseph ak kondisyon pou remèt Martine Moïse pouvwa a aprè pwovizwa a epi lè krim nan finn fèt. Gary Bodeau te rele Anacacis pou di l <<nou pran l nou pran l nèt>>“, selon detay Badio bay sou klan moun sa yo pandan li te di tou madanm Thelot ak Francis Cinéus se tèt ki t ap panse pou konplo a.

Se menm jan an tou nou jwenn nan rapò majistra a, ansyen kòdonatè enfrastrikti palè nasyonal la, Ardouin Zéphirin li menm ki te nan klan ki te genyen Claude Joseph, Gary Bodeau, avèk ansyen premye dam nan, Marie Étienne Martine Joseph Moïse.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 528
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Peyi Kanada bay 80.5 milyon dola vèt pou misyon etranjè ki ta dwe gen an Ayiti a

Next Post

Diri ameriken k ap antre Ayiti yo gen pwodui chimik ki bay kansè selon yon etid inivèsitè

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Diri ameriken k ap antre Ayiti yo gen pwodui chimik ki bay kansè selon yon etid inivèsitè

Diri ameriken k ap antre Ayiti yo gen pwodui chimik ki bay kansè selon yon etid inivèsitè

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (85,944)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,784)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,841)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,673)

Nouveaux Articles

  • Joé Dwèt Filé : Une performance exceptionnelle aux Flammes 2025
  • Yon majistra dominiken imilye plizyè timoun ayisyen avan depòtasyon yo an Ayiti
  • Plizyè sendikalis reyaji sou dosye rate gaz yo prevwa nan peyi a

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?