Minis zafè etranjè peyi Kanada a, Mélanie Joly anonse ayè jedi 22 fevriye 2024 la nan peyi Brezil, peyi l bay 80.5 milyon dola ameriken pou misyon sekirite Ayiti a. Selon Radio Canada.ca, anplis lajan sa yo prevwa tou pou bay 42.5 milyon pou lòt pwoblèm ki pi ijan nan peyi a.
Jounal kanadyen an fè konnen minis la fè anons la nan peyi Brezil. Se te nan kad yon aktivite angajman pou Ayiti avan reyinyon minis zafè etranjè G20 an. Pi douvan, li fè konnen peyi l ap gen pou panche ekonomikman sou ijans imanitè ki genyen an Ayiti.
“Minis Joly anonse tou y ap bay 42.5 milyon, ki sòti nan finansman ki te deja anonse yo, pou kèk pwojè soutyen ak pwoblèm ki plis ijan peyi a, 27 milyon nan kòb sa ap pou achete ekipman pwoteksyon, machin ak materyèl kominikasyon ki pou Polis Nasyonal Ayisyèn nan“, se sa jounal la rapòte pandan yo di tou minis la kwè epi rete detèmine pou l travay ak Kenya ak lòt patnè yo pou misyon an ka reyisi.
Nan ka sa, responsab ameriken an, Antony Blinken li menm tou ki te nan aktivite sila, fè kwè Etazini tou ap gen pou bay 200 milyon ak fòs la. Puiske selon li menm reyisit misyon an depann sou bon jan kontribisyon Entènasyonal la nan jan Ayiti bezwen sa a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024