Plizyè moun ak zam tire plis pase 7 moun ak divès blese nan Bon Repo Ayè vandredi 21 oktòb 2022 a, presizeman komin Kwadèboukè pandan bout aprè midi an -nan estasyon Mibalè a.
Selon plizyè habitan nan zòn lan, kèk endividi ak gwo zam anndan yon machin te louvri kout bal sou plizyè sitwayen ki t ap regle aktivite yo, sak lakoz plis pase 7 moun mouri ak kèk lòt blese nan zòn Bon repo.
Sila ki blese yo te kouri an ijans avèk yo nan lide pou yo te ka jwenn swen ki nesesè, sitou nan plizyè sant lopital, presizeman nan komin Taba.
Depi plizyè jou nan komin Kwadèboukè gwoup gang Lanmò 100 jou ak gwoup gang «Vitelhomme» pa sispann toke konn yo akoz yo bezwen plis teritwa pase lot. Malgre, gwo kout bal ap chante nan zòn sa yo, Lapolis poko ka rive fè okenn entèvansyon pou reprann kontwòl sitiyasyon ki dejenere a
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022.