Nan yon rapò yo pibliye jodi madi 2 avril 2024 la, responsab yo nan Oganizasyon Nasyonzini (ONU) fè konnen gen anviwon 362 000 refijye an Ayiti ki pa ka bay tèt yo manje. Pou eksplike koz yo, eskpè k ap travay nan òganizasyon sa a fè konprann se vyolans gang yo ki menase sekirite alimantè peyi a an jeneral.
“Nou jwenn gen 362 000 deplase ki gen difikilte pou manje. Gen 17 000 moun ki kouri kite Pòtoprens pou lòt rejyon ki gen plis sekirite, kon sa a yo kite dèyè yo mwayen yo te genyen pou reziste a, sa a ki fè yo menm tou yo vin pa gen twòp kapasite pou achete manje alòske pri pwodui yo kontinye ap monte”, selon sa yo di nan kominike a.
Nan menm sans la, yo lonje dwèt sou nèg ak zam yo ki selon yo menm anpeche manje sikile nan peyi a puiske yo bloke wout yo. An konsekans, yo fè konprann aksyon sa yo lakòz gen yon gwo kriz ekonomik, kote pri pwodui yo pa sispann ogmante, anplis de sa a gen yon povrete san parèy nan peyi a.
Paralèlman, nan lide pou rann peyi a endepandan nan èd imanitè li konn resevwa yo epi jwenn yon repons imanitè dirab pou asire sekirite alimantè Ayiti, òganis onizyen yo fè kwè yo mete anplas kèk inisyativ. Pami aksyon sa yo yo site, Pwogram Alimantè Mondyal (PAM) ki deside achete tout pwodui yo konn bezwen yo sou teritwa ayisyen an olye yo enpòte yo. Genyen tou, Òganizasyon Entènasyonal Travay(OIT) ki ede agrikiltè yo nan kiltive pwodui ki ka fèt ak farin, epi ede tou sila yo ki nan pwodiksyon kakawo.
Sepandan, yo mansyone malgre inisyativ sa yo si pa gen lapè ak yon sosyete estab an Ayiti, l ap toujou difisil pou peyi a sispann depann de èd entènasyonal la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024