Amnesty International ekri gouvènman Dominiken an jounen jodi madi 2 avril 2024 la pou li mande l kanpe sou koze vyolasyon dwa Ayisyen yo, sitou Dominiken ki gen paran yo Ayisyen yo ak divès nwa k ap sibi zak rasis nan peyi l kòm migran, selon jounal Listin Diario.
Amnesty International ansanm ak 6 lòt òganizasyon, sitou Komisyon Nasyonal dwa moun deklare politik migrasyon gouvènman sa s konstwi sou diskriminasyon rasyal. Li kreye yon mekanis pou diskriminen ak mete Ayisyen deyò nan divès aktivite, menm sila yo ki fèt Repiblik Dominikèn tou.
«Gouvènman Dominiken te menm sinyale sa kote li fè konnen li mete plis pase 250000 Ayisyen deyò nan peyi a nan lanne 2023, menm sila yo ki te bezwen pwoteksyon entènasyonal la», direktè Amnesty International, Ana Piquer, fè konnen nan lèt sa a.
Toujou nan menm lèt la direktè Amnesty International la kontinye di: «Voye tout moun sa yo deyò se yon kokennchenn vyolasyon peyi Repiblik Dominikèn ki te gen pou obligasyon entènasyonal pwoteje yo, men l pito mete lavi moun sa yo an danje nan sa k gen pou wè ak dwa moun. Voye retounen sila yo k ap viv lakay li yo an Ayiti dwe sispann», prezidan Luis Abinader ki entèdi Ayisyen ki legal yo rantre lakay li akoz ensekirite, ofinal te pral jwenn yon lèt kote yo dwe bay Ayisyen aksè ak travay, etidye oubyen abite nan peyi a akoz sikonstans sosyal ak politik yo.
Pandan plizyè Ayisyen nan Repiblik Dominikèn pa sispann viktim move tretman, menm entèdi yo monte bis ak travay nan peyi a akoz zak rasis, anplis yon pratik depòtasyon masif ki pa pwoteje fanm ansent ni ti moun.
«Nou mande pou otorite Dominikèn mennen ankèt sou enfòmasyon ki fè kwè gen moun ki sibi vyolans zak rasis ak vyolasyon dwa moun nan men ajan imigrasyon, Lapolis epi sòlda dominiken yo» mansyone direktè Amnesty International, Ana Piquer, ajoute.
«Li vrèman enperatif nan moman difisil sa pou Repiblik Dominikèn batay ak konstrui yon sosyete antirasis, kote dwa tout moun pa depann de nasyonalite l, orijin zansèt li oubyen estati imigrasyon dwe respekte epi dwe pwoteje yo», se sou nòt sa a òganizasyon entènasyonal nan respè dwa moun, Amnesty International, fini lèt la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024