Sekretè Deta Ameriken an Anthony Blinken anonse sanksyon kont Laurent Salvador Lamothe jounen jodi vandredi 2 me 2023 a, akoz li ta detounen 60 milyon dola ameriken nan lajan Fon envestiman ak pwoteksyon sosyal Petwokaribe gouvènman Ayisyen an. Ansyen premye minis lan p ap gen dwa antre nan peyi Etazini ankò.
«Nou kontinye ap sipòte sitwayen yo, òganizasyon yo epi fonksyonè Dayiti ki angaje nan pwodui lespwa ak divès opòtinite pou yon avni miyò nan peyi an», selon deklarasyon sekretè Deta Ameriken Anthony Blinken.
Parapò ak zak koripsyon ak enplikasyon dirèk nan jesyon Fon Petwokaribe a, kote premye minis Ayiti ak minis planifikasyon epi Koperasyon Ekstèn, Laurent Salvador Lamothe t ap jere, li rive jwenn gwo sanksyon sa.
«Etazini pral kontinye fè pwomosyon ak pran responsabilite kont tout moun k ap abize pouvwa piblik nan enterè pèsonèl yo», toujou selon deklarasyon sekretè Deta Ameriken an.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023