Nan lide pou pwoteste kont vyolasyon teritwa ayisyen an sòlda dominiken yo ap fè nan Wanament, jodi madi 7 novanm 2023 a, pèp Wanament la deside fè gwo mouvman pwotestasyon kote yo deside koupe wout yo. Yo pran desizyon sa yon fason pou anpeche sòlda dominiken yo rive anvayi espas ayisyen an.
Selon divès medya lokal, sòlda dominiken yo non sèlman pile teritwa nou an jodi a, men yo brake zam sou popilasyon an e menm debake ak plizyè kamyon ki chaje ak sòlda. Mete sou sa medya yo soulinye ta menm gen yon elikoptè dominiken k ap fè viwonn kanal la.
Nan yon premye tan jounalis Ti Zo le Spécimen te fè konnen plizyè sòlda dominiken pile teritwa ayisyen an pandan yo pwofite brake zam sou moun yo, yon fason pou te entimide moun yo. Nan kèk tan aprè malgre li te soulinye ajan BSAP yo kanpe fèm pou fè fas kare ak sitiyasyon sila, li fè konprann sòlda dominiken yo ranfòse yo pi plis toujou.
“Plis pase 5 kamyon plen sòlda dominiken fenk rive pote ranfò ankò sou fwontyè a“, se sa li fè konnen pandan popilasyon an li menm ap mande entèvansyon leta fas ak sitiyasyon sa a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023